— Frè m yo, sa Sentespri te anonse nan Liv yo, fòk sa te rive vre. Se konsa, nan bouch David, li te fè konnen davans ki jan Jida ta pral mennen moun ki te arete Jezi yo. Jida te yonn nan nou, li te gen sèvis pa l nan travay nou an. (Avèk lajan yo te ba l pou krim lan, Jida te achte yon moso tè. Se la li tonbe sou tèt, vant li pete, tout zantray li gaye sot deyò. Se bagay tout moun nan Jerizalèm konnen byen. Se pou sa nan lang yo, yo te rele tè a: Akèldama, ki vle di: jaden san an.) — Men sa ki ekri nan Liv Sòm yo: Se pou kay li rete san moun. Se pou pèsonn pa rete ladan li. Pi lwen ankò nou jwenn: Se pou yon lòt moun pran plas li nan travay la.
Li Travay 1
Koute Travay 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Travay 1:16-20
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo