Teyofil monchè: Nan premye liv mwen an, mwen te rakonte tou sa Jezi te fè ak tout bagay li te anseye depi okòmansman, jouk jou li moute nan syèl la. Anvan li moute, li pale ak apot li te chwazi yo. Nan pouvwa Sentespri, li ba yo lòd sa pou yo fè. Apre li fin mouri, li parèt plizyè fwa vivan devan yo pou ba yo divès prèv li resisite. Pandan karant jou, li fè yo wè li, li koze ak yo sou wayòm Bondye a. Yon jou, pandan Jezi t'ap manje ak yo, li ba yo lòd sa a: — Pa kite Jerizalèm. Rete tann pwomès Papa a te fè nou an, sa mwen te anonse nou an.
Li Travay 1
Koute Travay 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Travay 1:1-4
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo