Teyofil monchè:
Nan premye liv mwen an, mwen te rakonte tou sa Jezi te fè ak tout bagay li te anseye depi okòmansman, jouk jou li moute nan syèl la. Anvan li moute, li pale ak apot li te chwazi yo. Nan pouvwa Sentespri, li ba yo lòd sa pou yo fè. Apre li fin mouri, li parèt plizyè fwa vivan devan yo pou ba yo divès prèv li resisite. Pandan karant jou, li fè yo wè li, li koze ak yo sou wayòm Bondye a. Yon jou, pandan Jezi t'ap manje ak yo, li ba yo lòd sa a:
— Pa kite Jerizalèm. Rete tann pwomès Papa a te fè nou an, sa mwen te anonse nou an. Jan te batize nou avèk dlo, men nou menm, nan kèk jou ankò, nou pral batize nan Sentespri.
Lè sa a, moun ki te reyini bò kote Jezi yo pran mande li:
— Mèt, eske se kounyeya ou pral mete gouvènman pèp Izrayèl la sou pye l ankò?
Jezi reponn yo:
— Nou pa bezwen konnen ki jou ni ki lè sa va fèt. Se Papa a ki fikse dat la li menm, pou kont li. Men, lè Sentespri a va desann sou nou, n'a resevwa yon pouvwa. Lè sa a, n'a sèvi m temwen nan Jerizalèm, nan tout peyi Jide ak nan tout peyi Samari, jouk nan dènye bout latè.
Apre li fin di yo sa, li moute nan syèl. Antan yo t'ap gade li, yon nyaj vin bouche l devan je yo. Yo te gen je yo fikse nan syèl la kote Jezi t'ap moute a, lè de zòm, abiye tout an blan, parèt konsa bò kote yo. Dezòm yo di:
— Nou menm, moun Galile, poukisa je nou rete kole nan syèl la konsa? Jezi sa a ki te fèk la nan mitan nou ki moute nan syèl la, li gen pou li retounen ankò menm jan nou wè li moute a.
Apre sa, apot yo kite mòn Olivye, yo retounen Jerizalèm. Mòn lan te toupre lavil la, distans yon kilomèt konsa. Rive yo rive, yo moute anlè nan chanmòt la. Se te gen Pyè, Jak ak Andre, filip ak Toma, Batèlmi ak Matye, Jak, pitit Alfe, Simon, patizan zelòt yo, epi Jid, pitit Jak. Yo tout te ansanm. Yo te toujou reyini pou yo lapriyè. Medam yo te la tou ansanm ak Mari, manman Jezi, ak frè li yo tou.