Fè tout moun chonje bagay sa yo. Pran Bondye pou temwen, pale yo pou yo pa diskite sou mo. Diskisyon sa yo pa rapòte anyen. Se pèdi y'ap pèdi moun ki koute yo. Fè jefò pou ou ka resevwa lwanj nan men Bondye tankou yon travayè ki pa wont travay li fè, yon travayè ki fè konnen pawòl verite Bondye a jan l ye a. Evite tout pawòl san sans ki pa kadre ak verite lafwa a. Moun k'ap fè vye diskisyon sa yo, se kouri y'ap kouri pi lwen Bondye chak jou. Pawòl y'ap di yo, se tankou yon maladi k'ap manje tout kò yo. Nan moun sa yo gen Imene ak Filèt. Yo tou de vire do bay verite a, y'ap plede fè anpil lòt moun pèdi konfyans nan Bondye. Y'ap mache di: Nou leve sòti vivan nan lanmò deja. Men, pa pè. Fondasyon solid Bondye te mete a, li la toujou. Men pawòl nou jwenn make sou li: Mèt la konnen moun ki moun pa li. Tout moun ki di se pou Senyè a y'ap viv, se pou yo sispann fè sa ki mal. Nan yon gwo kay, gen tout kalite veso: genyen ki fèt an lò osinon an lajan, genyen ki fèt an bwa osinon an tè. Gen ladan yo ki sèvi pou okazyon espesyal. Gen lòt se pou sèvis òdinè. Si yon moun kenbe tèt li pwòp pou li pa fè sa ki mal, y'a fè li fè yon travay espesyal. Paske lè sa a, l'ap mete tèt li apa nèt pou Mèt li. L'a itil Mèt la, li pare pou li fè nenpòt bagay ki byen. Pa kite lanvi ki nan jenn moun yo pran pye sou ou. Rete lwen yo. Men mete ou ansanm ak moun ki nan kondisyon pou sèvi Bondye, moun k'ap rele Bondye, k'ap chache fè sa ki dwat devan li epi k'ap chache gen konfyans, renmen ak kè poze. Men, pa mele nan diskisyon san sans moun fou yo. Ou konnen sa toujou fini nan kont. Yon moun k'ap sèvi Bondye pa fèt pou nan kont. Se pou l viv byen ak tout moun, se pou l konn ki jan yo fè enstriksyon moun, se pou l gen pasyans. Se pou l korije moun ki pa dakò avè l avèk dousè. Ou pa janm konnen: Bondye ka ba yo yon chans pou yo chanje jan y'ap viv la, pou yo vin konn verite a. Lè konsa, y'a reprann bon sans yo, y'a chape kò yo sòti nan pèlen Satan ki te mete men sou yo pou l te fè yo fè sa l vle.
Li 2 Timote 2
Koute 2 Timote 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 2 Timote 2:14-26
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo