Pou fini, frè m yo, lapriyè pou mwen pou pawòl Senyè a ka kontinye gaye toupatou byen vit, pou li resevwa lwanj tankou sa te fèt pami nou. Lapriyè tou pou Bondye ka delivre m anba move moun yo, mechan sa yo. Paske, se pa tout moun ki asepte kwè. Men, Bondye ap toujou kenbe pawòl li. L'ap ban nou fòs, l'a pwoteje nou anba Satan. Senyè a fè m gen konfyans nan nou: li ban m lasirans n'ap fè sa m te mande nou fè a, epi n'ap toujou kontinye fè l tou. Mwen mande Senyè a pou l dirije kè nou pou nou ka renmen Bondye, pou nou ka gen pasyans tankou Kris la.
Li 2 Tesalonisyen 3
Koute 2 Tesalonisyen 3
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 2 Tesalonisyen 3:1-5
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo