Se yon devwa pou mwen pou m pa janm sispann di Bondye mèsi pou nou, frè m yo, nou menm Senyè a renmen. Paske, Bondye chwazi nou pou nou ka premye moun ki pou delivre, gremesi pouvwa Sentespri ki fè nou tounen moun pa l, paske nou kwè nan verite a. Gremesi bòn nouvèl mwen te anonse nou an, Bondye chwazi nou pou nou ka resevwa pa nou nan lwanj ki pou Jezikri, Senyè nou an. Se sa ki fè, frè m yo, se pou nou kenbe fèm. Pa bliye tou sa nou te aprann nan bouch mwen ak nan lèt mwen an. M'ap lapriyè Jezikri, Senyè nou an, ansanm ak Bondye, Papa nou ki renmen nou, ki fè nou favè, ki ban nou yon kouray ki p'ap janm febli ansanm ak yon bèl espwa. M'ap mande yo pou yo fòtifye kè nou, pou yo ban nou fòs kouray pou nou fè tou sa ki byen, pou nou di tou sa ki byen.
Li 2 Tesalonisyen 2
Koute 2 Tesalonisyen 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 2 Tesalonisyen 2:13-17
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo