2 Samyèl 7:18-29

2 Samyèl 7:18-29 HAT98

Apre sa, wa David ale nan tanp lan, li chita devan Senyè a, li di l konsa: — Senyè, Bondye sèl Mèt la, kisa mwen ye, kisa fanmi mwen ye pou ou te fè tou sa ou deja fè pou nou? Men ou wè sa pa kont toujou, Senyè, Bondye sèl Mèt la, kifè kounyeya w'ap fè konnen sa ki pral rive fanmi mwen denmen nan lanne k'ap vini yo. Epi ou fè m konn sa, mwen menm ki yon senp moun, Senyè, Bondye sèl Mèt la! Kisa mwen menm David, mwen ka di ou, Senyè, apre sa? Ou konnen ki moun mwen ye, mwen menm k'ap sèvi ou la. Se paske ou te fè pwomès la, se paske ou te vle l konsa, kifè ou te fè tout bèl bagay sa yo pou ou te fè m konnen yo. Senyè, Bondye mwen, ala gwo pouvwa ou la gwo! Pa gen tankou ou! Pa gen lòt Bondye pase ou menm! Yo te toujou di nou sa. Pa gen lòt nasyon sou latè tankou pèp Izrayèl la! Se ou menm ki delivre yo pou yo te ka tounen yon pèp ki rele ou pa ou. Se pou yo ase ou fè sa. Toupatou sou latè, y'ap nonmen non ou yo pou gwo mirak ak bèl bagay ou fè pou yo. Ou mete lòt nasyon deyò nan peyi ou la ansanm ak bondye yo pou fè plas pou pèp ou, pèp ou te delivre anba pouvwa pèp peyi Lejip la, pou yo te ka tounen pèp pa ou. Ou fè pèp Izrayèl la tounen pèp pa ou pou tout tan, ou menm ou tounen Bondye yo. Kounyeya, Senyè, Bondye, se pou ou kenbe pwomès ou te fè sèvitè ou la ansanm ak fanmi li an. Se pou ou fè sa ou di w'ap fè a. Toupatou sou latè y'a toujou rekonèt jan ou gen pouvwa. Y'a di se Senyè ki gen tout pouvwa a ki Bondye pèp Izrayèl la. Konsa, gouvènman ki nan men fanmi David, sèvitè ou la, va kanpe fèm pou tout tan anba pwoteksyon ou. Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, se ou menm ki te fè m konnen tou sa. Ou te di m, mwen menm sèvitè ou la, w'ap ban mwen yon fanmi, lèfini w'ap fè baton gouvènman an toujou rete nan men fanmi mwen. Se poutèt sa mwen gen kouray fè lapriyè sa a nan pye ou. Kounyeya, Senyè sèl Mèt, se ou ki Bondye tout bon an. Ou toujou kenbe pwomès ou yo. Gade bèl pawòl kè kontan ou di sèvitè ou la! Tanpri, beni tout fanmi mwen apre mwen pou yo ka toujou anba pwoteksyon ou. Wi, Senyè sèl Mèt, ou te pwomèt mwen sa. Se pou ou toujou voye benediksyon ou sou fanmi mwen.