Apre sa, wa David ale nan tanp lan, li chita devan Senyè a, li di l konsa: — Senyè, Bondye sèl Mèt la, kisa mwen ye, kisa fanmi mwen ye pou ou te fè tou sa ou deja fè pou nou? Men ou wè sa pa kont toujou, Senyè, Bondye sèl Mèt la, kifè kounyeya w'ap fè konnen sa ki pral rive fanmi mwen denmen nan lanne k'ap vini yo. Epi ou fè m konn sa, mwen menm ki yon senp moun, Senyè, Bondye sèl Mèt la! Kisa mwen menm David, mwen ka di ou, Senyè, apre sa? Ou konnen ki moun mwen ye, mwen menm k'ap sèvi ou la. Se paske ou te fè pwomès la, se paske ou te vle l konsa, kifè ou te fè tout bèl bagay sa yo pou ou te fè m konnen yo. Senyè, Bondye mwen, ala gwo pouvwa ou la gwo! Pa gen tankou ou! Pa gen lòt Bondye pase ou menm! Yo te toujou di nou sa. Pa gen lòt nasyon sou latè tankou pèp Izrayèl la! Se ou menm ki delivre yo pou yo te ka tounen yon pèp ki rele ou pa ou. Se pou yo ase ou fè sa. Toupatou sou latè, y'ap nonmen non ou yo pou gwo mirak ak bèl bagay ou fè pou yo. Ou mete lòt nasyon deyò nan peyi ou la ansanm ak bondye yo pou fè plas pou pèp ou, pèp ou te delivre anba pouvwa pèp peyi Lejip la, pou yo te ka tounen pèp pa ou. Ou fè pèp Izrayèl la tounen pèp pa ou pou tout tan, ou menm ou tounen Bondye yo.
Li 2 Samyèl 7
Koute 2 Samyèl 7
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 2 Samyèl 7:18-24
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo