Lè lè a va rive pou ou mouri, lè y'a antere ou, m'ap pran yonn nan pitit ou yo, m'ap mete l wa nan plas ou. M'ap fè gouvènman l lan kanpe fèm. Se li menm ki va bati yon tanp pou mwen. M'ap fè gouvènman l lan kanpe fèm pou tout tan. M'ap yon papa pou li. Li menm l'ap yon pitit pou mwen. Si li fè sa ki mal, m'ap korije l tankou yon papa korije pitit gason li. Men, m'ap toujou soutni l, mwen p'ap lage l jan mwen te lage Sayil lè mwen te kite l tonbe pou m te mete ou nan plas li. Ap toujou gen moun nan fanmi ou chita sou fòtèy la ap gouvènen apre ou, paske m'ap fè gouvènman fanmi ou lan kanpe fèm pou tout tan.
Li 2 Samyèl 7
Koute 2 Samyèl 7
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 2 Samyèl 7:12-16
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo