Wa David te byen chita nan palè li. Senyè a te pwoteje l, li te fè tout lènmi ki te alantou peyi a pa chache l kont ankò.
Wa a pale ak pwofèt Natan, li di l konsa:
— Gade! Mwen rete nan yon kay bati ak bwa sèd, men Bwat Kontra Senyè a se anba yon kay twal li ye.
Natan reponn li:
— Tou sa ou gen lide fè, ou mèt fè l, paske Senyè a kanpe la avè ou.
Men, menm jou lannwit sa a, Senyè a pale ak Natan, li di l konsa:
— Ale di David, sèvitè m lan, men sa mwen menm Senyè a, mwen voye di l: Se pa ou menm ki pral bati yon tanp pou m rete. Depi jou mwen te fè moun pèp Izrayèl yo sòti kite peyi Lejip rive jòdi a, mwen pa janm rete nan yon kay. Tout kote m pase se anba yon tant twal mwen toujou ye. Nan tout deplase mwen ansanm ak moun Izrayèl yo, mwen pa janm mande yonn nan chèf mwen te chwazi pou gouvènen pèp mwen an poukisa yo pa bati yon kay an bwa sèd pou mwen.
Kounyeya, men sa w'a di David, sèvitè m lan: Men sa Senyè ki gen tout pouvwa a voye di ou: Se mwen menm ki te pran ou dèyè mouton ou t'ap gade nan savann yo, mwen mete ou chèf pèp mwen an. Nan tou sa ou t'ap fè, mwen te kanpe la avè ou. Mwen kraze tout lènmi ou yo devan ou. Mwen pral fè yo nonmen non ou tankou y'ap nonmen non pi gwo chèf ki sou latè. Lèfini, mwen pare yon kote pou pèp Izrayèl mwen an. Mwen pral tabli yo la pou yo ka viv san yo pa bezwen pè anyen ankò. Mechan yo p'ap vin maltrete yo ankò jan yo te konn fè l anvan an, lè mwen te mete jij yo pou gouvènen pèp Izrayèl mwen an. M'ap delivre ou anba men tout lènmi ou yo. Mwen te fè ou konnen m'ap ba ou pitit ak pitit pitit. Lè lè a va rive pou ou mouri, lè y'a antere ou, m'ap pran yonn nan pitit ou yo, m'ap mete l wa nan plas ou. M'ap fè gouvènman l lan kanpe fèm. Se li menm ki va bati yon tanp pou mwen. M'ap fè gouvènman l lan kanpe fèm pou tout tan. M'ap yon papa pou li. Li menm l'ap yon pitit pou mwen. Si li fè sa ki mal, m'ap korije l tankou yon papa korije pitit gason li. Men, m'ap toujou soutni l, mwen p'ap lage l jan mwen te lage Sayil lè mwen te kite l tonbe pou m te mete ou nan plas li. Ap toujou gen moun nan fanmi ou chita sou fòtèy la ap gouvènen apre ou, paske m'ap fè gouvènman fanmi ou lan kanpe fèm pou tout tan.
Natan rakonte David tou sa Bondye te fè l konnen nan vizyon an.