Yon lòt fwa ankò, David reyini tout pi bon sòlda pèp Izrayèl la. Sa te fè antou trantmil (30.000) gason. Li leve, li pati pou Balat nan peyi Jida ansanm ak tout sòlda ki te avè l yo. Li ta pral chache Bwat Kontra Bondye a, bwat ki pote non Senyè ki gen tout pouvwa a, Senyè ki gen fòtèy li anwo zanj cheriben yo. Yo pran Bwat la kay Abinadab sou mòn lan, mete l sou yon kabwa tou nèf, yo pote l ale. Ouza ak Akiyo, pitit gason Abinadab yo, t'ap mennen kabwa kote yo te mete Bwat Kontra Bondye a. Akiyo t'ap mache devan kabwa a. David ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo menm t'ap danse ak tout nanm yo. Yo t'ap chante fè lwanj Senyè a. Yo t'ap jwe gita ak bandjo. Yo t'ap bat tanbou, tanbouren ak senbal. Lè yo rive bò glasi Nakon an, bèf yo bite, yo manke tonbe. Ouza lonje men l, li soutni Bwat Kontra a. Men Senyè a move sou Ouza, li touye l frèt paske li pat gendwa manyen Bwat Kontra a. Ouza mouri la toupre Bwat Kontra a. David menm te fache deske Senyè a te touye Ousa konsa. Se poutèt sa yo rele kote a, depi jou sa a, Chatiman — Ousa, non ki rete pou li jouk jounen jòdi a.
Lè sa a, David vin pè Senyè a. Li di li pa wè ki jan pou l pran Bwat Kontra a lakay li. Se konsa li pran desizyon pou l pa pote Bwat Kontra Senyè a lakay li nan Lavil David la. Li fè yo pote l kay Obèdedon, yon moun lavil Gat. Bwat la pase twa mwa lakay li. Senyè a te beni Obèdedon ansanm ak tout moun lakay li.
Lè David tande jan Senyè a te beni Obèdedon ak tout moun lakay li, jan zafè l t'ap mache byen poutèt Bwat Kontra a, David pati, l'ale kay Obèdedon, li pran Bwat Kontra Senyè a pou pote l nan Lavil David la avèk gwo seremoni sou tout wout la. Lè moun ki t'ap pote Bwat Kontra Senyè a fè sis pa annavan, David fè yo rete, li touye yon gwo towo ak yon jenn chatre bèf bay Senyè a. Apre sa, David pran danse ak tout nanm li devan Senyè a. Li pat gen pase yon moso twal fen blan mare nan ren l. Se konsa, li menm ak tout pèp Izrayèl la, yo pote Bwat Kontra Senyè a lavil Jerizalèm. Yo t'ap fè fèt, yo t'ap kònen twonpèt sou tout wout la.
Antan yo t'ap antre ak Bwat Kontra a nan lavil David la, Mikal, pitit fi Sayil la, te kanpe bò yon fennèt ap gade. Li wè David ki t'ap danse fè laviwonn devan Senyè a. Li vin pa gen yon san pou li ankò. Yo pote Bwat Kontra Senyè a, yo mete l nan plas li nan tant David te moute pou li a. Apre sa, David ofri bèt pou boule nèt pou Senyè a ak ofrann pou di Bondye mèsi. Lè David fin fè ofrann sa yo, li beni pèp la nan non Senyè ki gen tout pouvwa a. Li separe manje bay tout moun pèp Izrayèl yo, fanm kou gason. Li ba yo chak yon pen, yon moso vyann woti ak yon pen rezen. Lèfini, tout moun al lakay yo.