Apre sa, wa David pati Jerizalèm ansanm ak sòlda li yo, l'al atake moun Jebis yo ki te rete nan zòn sa a. Moun Jebis yo te konprann David pa te ka antre pran lavil la. Yo di li: — Ou p'ap janm ka rive antre nan vil nou an. Ata moun je pete ak moun enfim ap gen fòs pou mete ou deyò. Men, David pran gwo fò ki te sou tèt mòn Siyon an. Se li yo rele lavil David la. Jou sa a, David te di moun pa li yo: — Tout moun ki vle atake moun Jebis yo va pase nan kannal la, y'a tonbe sou bann enfim ak je pete sa yo ki pa vle wè m yo. Se depi lè sa a yo di moun je pete ak moun enfim pa gendwa mete pwent pye yo nan Tanp Senyè a. Apre sa, David al rete nan gwo fò a, li rele l lavil David la. Lèfini, li bati lòt kay fè wonn fò a, depi sou teras la rive bò palè a. Chak jou David t'ap vin pi fò. Senyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, te avè l. Se konsa, Iram, wa lavil Tir la, delege kèk mesaje bò kote David ak yon chajman bwa sèd. Li voye tou kèk bòs chapant ak bòs mason ki bati yon palè pou David. Lè sa a atò, David wè tout bon vre se Senyè a menm ki te mete l wa pèp Izrayèl la. Se li menm menm ki te fè tout bagay mache byen pou gouvènman li a, akòz pèp li a, pèp Izrayèl la.
Li 2 Samyèl 5
Koute 2 Samyèl 5
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 2 Samyèl 5:6-12
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo