Se konsa, Iram, wa lavil Tir la, delege kèk mesaje bò kote David ak yon chajman bwa sèd. Li voye tou kèk bòs chapant ak bòs mason ki bati yon palè pou David. Lè sa a atò, David wè tout bon vre se Senyè a menm ki te mete l wa pèp Izrayèl la. Se li menm menm ki te fè tout bagay mache byen pou gouvènman li a, akòz pèp li a, pèp Izrayèl la. Lè David kite lavil Ebwon pou l'al lavil Jerizalèm, rive la li pran lòt madanm ak lòt fanm kay ki ba li lòt pitit gason ak lòt pitit fi. Men jan yo te rele pitit David ki te fèt lavil Jerizalèm yo: Chamwa, Chobab, Natan, Salomon, Jibka, Elichwa, Nefèg, Jafya, Elichama, Elyada ak Elifelèt. Lè moun Filisti yo vin konnen yo te mete David wa pèp Izrayèl la, yo tout yo leve pou y'al mete men sou li. Lè David pran nouvèl la, li desann al kache nan yon fò. Moun Filisti yo rive, yo pran tout fon Refayim lan pou yo. David pale ak Senyè a, li mande l: — Eske se pou m atake moun Filisti yo? Eske w'ap lage yo nan men m? Senyè a reponn li: — Wi, atake yo. M'ap lage yo nan men ou. David ale Baal-Parezim. Li bat moun Filisti yo. Lèfini li di: — Senyè a pase tankou yon lavalas. Li louvri pasay ban mwen nan mitan lènmi mwen yo. Se poutèt sa yo rele kote sa a Pasay-Granmèt. Moun Filisti yo te kouri kite zidòl yo dèyè nan plenn lan. David ak moun pa l yo pran yo pote ale. Moun Filisti yo tounen nan fon Refayim lan, yo pran tout plenn lan pou yo ankò. David mande Senyè a sa pou l fè. Senyè a di l: — Pa atake yo pa devan. Pase pa dèyè yo. Pare kò ou pou ou atake yo bò pye gayak yo. Lè w'a tande yon bri tankou bri pye yon moun k'ap mache sou tèt pyebwa yo, w'a fonse sou yo. Paske sa vle di m'ap pran devan ou pou m bat lame moun Filisti yo. David fè sa Senyè a te mande l fè a. Li bat moun Filisti yo, li kouri dèyè yo depi Lavil Geba rive lavil Gezè.
Li 2 Samyèl 5
Koute 2 Samyèl 5
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 2 Samyèl 5:11-25
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo