2 Samyèl 24:4-15

2 Samyèl 24:4-15 HAT98

Men, wa a pat sòti pou li chanje lòd li te bay la. Konsa, Joab ak lòt gwo chèf lame yo te blije soumèt yo. Yo sòti devan wa a, yo pati, y'al konte konbe moun ki nan peyi Izrayèl la. Yo travèse larivyè Jouden, y'al moute kan yo lavil Awoyè, nan mitan fon an, nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Gad la. Apre sa, yo pati pou Jazè bò nan nò. Y'al lavil Galarad, yo pase lavil Kadès nan pòsyon tè ki pou moun Et yo, jouk yo rive Dann. Yo mache nan tout zòn lan, apre sa y'ale lavil Sidon sou bò lwès. Lèfini, yo desann nan direksyon sid, yo rive nan Fò Tir la, yo pase nan tout bouk moun Iva yo ak bouk moun Kanaran yo, yo rive Bècheba nan zòn Negèv nan peyi Jida a. Se konsa yo mache nan tout peyi a. Apre nèf mwa ven jou, yo tounen lavil Jerizalèm. Joab renmèt wa a rapò ki bay kantite moun antou ki te gen nan tout peyi a. Se konsa yo te jwenn witsanmil (800.000) gason ki ka fè lagè epi ki konn sèvi ak nepe nan peyi Izrayèl la ak senksanmil (500.000) nan peyi Jida a. Lè David fin fè konte konbe moun ki gen nan peyi a, konsyans li konmanse repwoche l. Li di Senyè a: — Lè m fè sa m fè a, mwen fè yon gwo peche. Tanpri, Senyè, padonnen m, se sèvitè ou mwen ye. Mwen te aji tankou moun fou. Senyè a pale ak pwofèt Gad, konseye David la, li di l konsa: — Al di David mwen ba li twa chatiman pou li menm li chwazi yonn ladan yo. Sa la chwazi a se sa m'a fè l. Nan denmen maten, antan David ap leve sot nan kabann li, Gad vin jwenn li lakay li. Li fè l konnen mesay Senyè a te ba li a. Li di l konsa: — Kisa ou vle? Sèt lanne grangou nan tout peyi a, twa mwa ap kouri devan lènmi ou, osinon twa jou epidemi nan tout peyi a. Al kalkile sou sa pou ou fè m konnen ki repons pou m pote bay moun ki voye m lan. David reponn: — Mwen nan gwo tèt chaje! Men, m pa vle tonbe anba men lèzòm menm! Pito se Senyè a menm ki pini m, paske li gen bon kè. Se konsa Senyè a voye yon epidemi sou pèp Izrayèl la, li konmanse menm jou maten sa a pou twa jou, jan l te di a. Depi lavil Dann nan nò rive lavil Bètcheba nan sid peyi a, swasanndimil (70.000) moun nan pèp Izrayèl la mouri.