2 Samyèl 2:1-11

2 Samyèl 2:1-11 HAT98

Apre sa, David mande Senyè a: — Eske se pou m ale nan yonn nan lavil peyi Jida yo? Senyè a reponn li: — Wi. Se pou ou ale! David mande l: — Kote pou m ale? Senyè a di l: — Lavil Ebwon. Se konsa David pran de madanm li yo, Akinoram, moun lavil Jizreyèl, ak Abigayèl, vèv Nabal, moun lavil Kamèl, li pati Ebwon. Li mennen moun ki te avè l yo tou ansanm ak tout fanmi yo. Y'al rete lavil Ebwon ak nan tout ti bouk ki toupre l yo. Apre sa, moun Jida yo rive lavil Ebwon, yo fè sèvis pou konsakre David wa peyi Jida. David vin pran nouvèl se moun lavil Jabès yo, nan peyi Galarad, ki te antere Sayil. Lè sa a, li voye kèk mesaje di yo konsa: — Se pou Senyè a beni nou, paske nou moutre jan nou pa janm lage Sayil, mèt nou an. Nou antere l. Mwen mande Senyè a pou li aji byen ak nou tou, pou li pa janm lage nou. Mwen menm pou tèt pa m, m'ap aji byen avèk nou tou poutèt sa nou fè a. Kounyeya, pran kouray! Mete gason nou nou! Sayil, mèt nou an, mouri. Se mwen menm moun Jida yo mete apa pou wa yo. Abnè, pitit gason Nè a, kòmandan lame Sayil la, pran Ichbochèt, pitit gason Sayil la, li mennen l lavil Manayim, lòt bò larivyè Jouden. Rive la, li nonmen Ichbochèt wa peyi Galarad, peyi Asè, peyi Jizreyèl, peyi Efrayim ak peyi Benjamen, ki vle di wa tout pèp Izrayèl la. Ichbochèt, pitit gason Sayil la, te gen karantan lè yo fè l wa peyi Izrayèl. Li gouvènen pandan dezan. Men, moun branch fanmi Jida yo te kanpe avèk David. David te wa peyi Jida a pandan setan sis mwa. Se Ebwon li te rete.