2 Samyèl 19:1-10

2 Samyèl 19:1-10 HAT98

Yo voye di Jowab jan wa a t'ap kriye, jan li te nan gwo lapenn pou Absalon. Jou sa a, sòlda David yo pa te fete laviktwa yo. Yo te kagou paske yo te pran nouvèl tristès wa a pou lanmò pitit li. Yo antre nan lavil la san fè okenn bri, tankou sòlda ki wont paske yo kouri pou lagè. Wa a menm te kouvri tèt li, li t'ap rele: — Woy! Gason m lan! Absalon, pitit gason m lan! Absalon, pitit gason m lan! Jowab al jwenn wa a nan chanm li, li di li konsa: — Jan ou fè sa jodi a, ou fè tout sòlda yo wont wi. Yo menm ki te sove lavi ou ansanm ak lavi pitit gason ou ak pitit fi yo, lavi madanm marye ou yo ak mètrès ou yo. Ou moutre jan ou renmen moun ki rayi ou, men ou pa vle wè moun ki renmen ou. Ou fè wè jan chèf lame ak sòlda k'ap goumen pou ou yo pa di ou anyen. Jòdi a mwen wè monwa ta pi kontan si Absalon te vivan, epi nou tout nou te mouri. Koulyeya, monwa, leve non! Al pale ak moun pa ou yo pou ankouraje yo. Anverite si ou pa fè sa, denmen maten, p'ap gen yon sèl moun k'ap kanpe avè ou ankò. Malè sa a pral pi rèd pase malè ki janm tonbe sou ou depi ou te jenn gason rive jounen jodi a. Wa a leve vre, li vin chita bò pòtay lavil la. Lè sòlda yo vin konn sa, yo tout vin sanble bò kote l. Moun peyi Izrayèl yo menm te kouri ale chak moun lakay yo. Nan tout Izrayèl, moun t'ap diskite, yo t'ap di: — Wa David te delivre nou anba men lènmi nou yo. Li te sove nou anba men moun Filisti yo. Men koulyeya, li kouri kite peyi a poutèt Absalon. Nou te fè seremoni pou mete Absalon wa peyi a. Men li mouri nan lagè. Sa ki kenbe nou kounyeya pou nou fè wa David tounen ankò?