Wa David sanble tout moun li yo. Li chwazi chèf pou chak rejiman mil sòlda ak pou chak divizyon san sòlda. Lèfini, li separe lame a fè twa pòsyon: yonn sou lòd Jowab, yonn sou lòd Abichayi, frè Jowab, yonn sou lòd Itayi, moun lavil Gat. Apre sa, wa a di yo:
— Mwen prale avèk nou tou.
Men sòlda yo reponn li:
— Non. Ou pa prale avè nou. Sa p'ap di lènmi nou yo anyen si nou kouri pou yo. Si mwatye nan nou mouri, sa p'ap di yo anyen tou. Men ou menm pou kont pa ou, ou vo dimil (10.000) sòlda tankou nou. Se poutèt sa, pito ou rete isit nan lavil la, kote ou ka jwenn konkou pou voye ban nou.
Wa reponn yo:
— Bon! M'ap fè sa nou wè ki pi bon an.
Apre sa, l'al kanpe bò pòtay lavil la, pandan lame a t'ap sòti, divizyon apre divizyon, rejiman apre rejiman. Wa a bay Joab, Abichayi ak Itayi lòd sa a:
— Tanpri, fè sa pou mwen. Al dousman ak jennonm yo rele Absalon an tande!
Tout sòlda yo te tande lè David t'ap bay chèf yo lòd sa a.
Lame David la sòti al goumen ak moun peyi Izrayèl yo. Batay la te fèt nan rakbwa Efrayim lan. Lame David la bat lame Absalon an byen bat. Jou sa a, lame Absalon an pèdi venmil (20.000) sòlda. Batay la gaye nan tout peyi a. Jou sa a, te gen plis moun ki mouri nan rakbwa a pase nan batay la menm.
Absalon al kontre ak kèk sòlda nan lame David la. Li te moute sou yon milèt. Antan l'ap pase anba yon gwo pyebwa, cheve li yo al pran nan yon branch, milèt la menm pa rete, li kouri al fè wout li. Absalon rete pandye anlè. Yonn nan moun David yo wè sa, l'al bay Joab nouvèl la. Li di li:
— Mwen wè Absalon pandye nan yon pyebwa.
Jowab di nonm lan:
— Ou wè li? Poukisa ou pa touye li lamenm? Mwen ta fè ou kado dis pyès lajan ak yon sentiwon.
Men nonm lan reponn Jowab:
— Ou ta mèt ban mwen mil (1000) pyès lajan, la nan plamen mwen, mwen pa t'ap leve men mwen sou pitit gason wa a. Nou tout, nou te tande lòd wa a te ba ou, ansanm ak Abichayi ak Itayi. Li te di: tanpri, fè sa pou mwen. Pa kite anyen rive Absalon, pitit mwen an. Si m te pran pòz mwen pat tande anyen, epi m te touye l, wa a t'ap toujou konn sa. Paske li toujou konn tou sa k'ap pase. Lè sa a, ou pa ta janm pran defans mwen.
Joab di li:
— M'ap pèdi twòp tan la a avè ou.
Li pran twa baton ak pwent yo byen fèt, l'al plante yo nan kè Absalon ki te vivan toujou kote li te pandye nan pyebwa a. Apre sa, dis jenn sòlda ki t'ap pote zam Joab yo tonbe sou Absalon, yo fin touye l.
Lèfini, Joab fè kònen twonpèt la pou yo sispann batay la. Se konsa sòlda David yo kite rès sòlda Izrayèl yo al fè wout yo. Yo pran kadav Absalon, yo jete li nan yon twou nan rakbwa a. Lèfini yo kouvri li ak yon gwo pil wòch. Tout rès moun Izrayèl yo te kouri al lakay yo.
Depi anvan l te mouri, Absalon te fè bati yon bèl kavo pou li nan fon Wa a, paske li t'ap di li pat gen pitit gason pou leve non li. Jouk jòdi a yo rele kavo a moniman Absalon an.
Akimaz, pitit gason Zadòk la, di Joab konsa:
— Kite m kouri al fè wa a konnen jan Senyè a rann li jistis, jan li delivre l anba men lènmi l yo.
Joab reponn li:
— Non. Jòdi a pa gen bòn nouvèl pou ou pote. Yon lòt jou va gen bòn nouvèl pou ou pote. Men jòdi a, ou p'ap pote okenn nouvèl bay wa a, paske se pitit gason wa a menm ki mouri.
Joab rele yon sòlda, moun peyi Letyopi, li di l:
— Ou menm, al rakonte wa a tou sa ou te wè ak je ou.
Sòlda a bese tèt devan Joab. Lèfini, li kouri, l ale. Akimaz menm t'ap kenbe se pou l ale, li di:
— Nenpòt sa ki rive m, kite m ale pote nouvèl la tou dèyè moun Letyopi a.
Joab mande l:
— Poukisa ou vle fè sa, pitit mwen? Yo p'ap ba ou anyen pou yon nouvèl konsa.
Akimaz reponn:
— Sa pa fè anyen. Mwen vle ale.
Lè sa a, Joab di l:
— Ale non!
Se konsa Akimaz kouri ale, li pran wout ki pase nan plenn Jouden an, li pran devan moun peyi Letyopi a. David menm te chita ant pòtay deyò a ak pòtay anndan an. Yon faksyonè te moute sou teras anwo miray la, li te kanpe sou tèt pòtay la. Li leve je l, li wè yon nonm ki t'ap kouri vini. Li rele pou avèti wa a. Wa a di l:
— Si li pou kont li, se bòn nouvèl l'ap pote.
Mesaje a t'ap pwoche toujou lè faksyonè a wè yon lòt moun ki t'ap kouri vini tou. Li pale ak nonm ki t'ap fè pòs bò pòtay la, li di l konsa:
— Men yon lòt moun k'ap vini pou kont li tou.
Wa a reponn:
— Sa a tou, se bòn nouvèl l'ap pote.
Faksyonè a pran ankò:
— Sou jan l'ap kouri a, genlè premye a se Akimaz, pitit gason Zadòk la.
Wa a di:
— Se yon bon gason. Ou mèt sèten se bòn nouvèl l'ap pote.
Akimaz pwoche, li di wa a bonjou. Lèfini, li tonbe ajenou devan wa a, li bese tèt li jouk atè, li di:
— Monwa, lwanj pou Senyè a, Bondye ou la, paske li lage tout moun ki te leve dèyè ou yo nan men ou!
David mande l:
— Ban m nouvèl ti Absalon an non. Li byen?
Akimaz reponn li:
— Monwa, lè Joab, moun pa wa a, te voye m lan, mwen wè te gen yon gwo kouri. Men, m pa konnen sa ki te genyen.
Wa a di l:
— Bon. Kanpe bò la a. Tann mwen.
Akimaz mete kò l sou kote, li rete ap tann. Apre sa, nonm peyi Letyopi a vin rive. Li di wa a:
— Monwa, mwen gen bòn nouvèl pou ou! Jòdi a, Senyè a rann ou jistis. Li wete ou anba men tout moun ki te leve dèyè ou yo.
Wa a mande li:
— Ban mwen nouvèl ti Absalon non, li byen?
Nonm Letyopi a reponn:
— Se pou sa ki rive jenn gason sa a rive tout lènmi monwa a yo ansanm ak tout moun k'ap leve dèyè ou pou fè ou mal yo.
Lè wa a pran nouvèl la, sa te twòp pou li. Li moute nan chanm li anwo sou tèt pòtay la pou l kriye. Antan li prale konsa, li t'ap rele:
— Absalon! Absalon, pitit mwen! Absalon! Poukisa se pa mwen ki te mouri nan plas ou! Woy! Absalon, pitit mwen! Absalon, pitit mwen!