Yon mesaje vin di David:
— Moun peyi Izrayèl yo ap mache avèk Absalon, yo dakò avè l.
Se konsa David rele moun pa l yo ki te avè l lavil Jerizalèm, li di yo:
— Se pou n prese mete deyò si nou vle chape anba men Absalon. Ann fè vit kite lavil la. Si se pa sa, talè l'ap sou nou. L'ap fè nou pase pa nou, l'ap touye dènye moun nan lavil la.
Patizan wa yo reponn:
— Wi, monwa. Nenpòt kisa ou vle nou fè, n'ap fè l.
Wa a pran tout fanmi li, li pati apye. Li kite dis nan fanm deyò li yo pou okipe palè a. Wa a leve pati kite lavil la ansanm ak tout moun pa l yo. Lè yo rive devan dènye kay la, yo fè yon kanpe. Tout chèf li yo te kanpe bò kote l. Yo kite tout gad pèsonèl wa a, ki vle di sòlda keretyen yo ak sòlda peletyen yo pase devan. Te gen sisan (600) sòlda moun lavil Gat ki te kite peyi yo vin jwenn David lavil Jerizalèm. Yo vin ap pase devan li tou.
Wa a rele Itayi, chèf moun lavil Gat yo, li di l konsa:
— Poukisa ou prale ak nou tou? Tounen non, monchè. Rete ak lòt wa a. Ou pa moun peyi a. Se kouri ou kouri vin kache isit la. Ou pa gen lontan depi ou rive. Poukisa jòdi a pou m fè ou ap mache nan bwa tankou vakabon ansanm avèk nou? Mwen pa menm konnen kote mwen prale. Tounen tounen ou ansanm ak tout moun menm peyi avè ou yo. Mwen mande Senyè a pou l aji byen avè ou, pou l pa janm lage ou!
Men Itayi reponn li:
— Monwa, mwen sèmante devan Senyè a ak devan ou, se ou menm m'ap sèvi. Kote ou fè, m'a prale avè ou, menm si mwen gen pou m'mouri.
Lè sa a, David di li:
— Bon. Ou mèt pran devan nou.
Se konsa Itayi, moun lavil Gat la, ale avèk wa a, li menm, tout moun li yo ansanm ak tout fanmi yo. Tout moun nan peyi a t'ap rele byen fò lè yo wè David ak moun pa l yo ap pase ale. David janbe lòt bò ravin Sedwon an ansanm ak tout moun li yo. Yo pran wout ki mennen nan dezè a. Zadòk, prèt la, te la tou ansanm ak tout moun fanmi Levi yo ki t'ap pote Bwat Kontra Senyè a. Yo depoze Bwat Kontra a atè. Yo pa leve l jouk tout rès moun yo fin sòti kite lavil la. Abyata, prèt la, te la tou. Apre sa, wa a di Zadòk konsa:
— Pote Bwat Kontra a tounen nan lavil la. Si Senyè a pran plezi nan mwen, yon jou la kite m tounen pou m wè bwat la ansanm ak kote l rete a. Men, si li pa kontan avè m ankò, enben, lè sa a, la fè sa li vle avè m.
Epi wa a di Zadòk ankò:
— Gade! Ou menm ak Abyata, tounen tounen nou lavil Jerizalèm ansanm ak Akimaz, pitit gason ou lan, ak Jonatan, pitit gason Abyata a. Mwen menm, mwen pral tann nou bò larivyè a nan dezè a jouk n'a voye nouvèl ban mwen.
Se konsa Zadòk ak Abyata pote Bwat Kontra a tounen lavil Jerizalèm, yo rete la.
David menm moute sou mòn Pye Oliv yo. Li t'ap kriye, li te pye atè, tèt li te kouvri, paske li te nan gwo lapenn. Tout moun ki t'ap mache dèyè l yo te gen tèt yo kouvri tou, yo t'ap kriye. Lè David vin konnen Achitofèl te pran pozisyon ak Absalon nan konplo a, li lapriyè, li di:
— Tanpri, Senyè! Fè konsèy Achitofèl yo pase pou pawòl moun fou!