David di Natan konsa:
— Wi, mwen rekonèt mwen peche kont Senyè a!
Lè sa a Natan di l konsa:
— Bondye sèl Mèt la p'ap pini ou pou sa ou fè a, ou p'ap mouri. Sèlman, ak sa ou fè la a, ou moutre jan ou ka derespekte Senyè a. Se poutèt sa pitit ou fenk genyen an ap mouri.
Apre sa, Natan al lakay li.
Senyè a fè pitit madanm Ouri te fè pou David la vin malad grav. David tonbe lapriyè Senyè a pou ti gason an. Li derefize mete anyen nan bouch li. Chak swa, li antre nan chanm li, li pase nwit lan kouche atè. Chèf ki te reskonsab palè li a al jwenn li, yo fè sa yo kapab pou fè l leve atè a, men li derefize. Konsa tou, li pat vle manje avèk yo. Apre yon senmenn, pitit la mouri. Chèf kay David yo te pè al ba li nouvèl la. Yo t'ap di: Si lè pitit la te malad ase, David te refize reponn nou lè nou pale avè l, ki jan pou n al di l kounyeya pitit la mouri? Li ka fè malè sou tèt li. Men David wè moun li yo t'ap pale nan zòrèy yonn ak lòt, li vin konprann pitit la mouri. Li mande yo:
— Pitit la mouri?
Yo reponn li:
— Wi, li mouri.
David leve atè a, l'al benyen, li penyen tèt li, li chanje rad sou li. Lale nan kay Senyè a, li lapriyè. Apre sa, li tounen lakay li, li mande pou yo sèvi l manje. Li manje. Moun pa l yo t'ap di l:
— Monwa, nou pa konprann sa w'ap fè konsa? Lè pitit la te vivan, ou t'ap plede kriye, ou rete san manje. Men, mouri pitit lan mouri, ou leve, ou manje.
David reponn yo:
— Wi, mwen t'ap kriye, mwen te rete san manje lè pitit la te vivan toujou. Mwen te kwè Senyè a ta gen pitye pou mwen, li pa ta kite pitit la mouri. Men, kounyeya, pitit la mouri, sa m bezwen rete san manje toujou fè? Eske mwen ka fè l leve ankò? Yon jou se mwen ki gen pou ale kote l ye a. Men li menm, li p'ap janm ka tounen vin jwenn mwen ankò.
Apre sa, David al konsole Batcheba, madanm li. Li kouche avè l, Batcheba vin ansent, li fè yon pitit gason. David rele l Salomon. Senyè a te renmen ti gason sa a. Li bay pwofèt Natan lòd al di David rele pitit la Jedidya, paske Senyè a te renmen l vre.