Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

2 Samyèl 10:9-14

2 Samyèl 10:9-14 HAT98

Joab te wè lame lènmi yo te ka atake l ni sou devan ni sou dèyè. Sa l fè? Li chwazi pi bon sòlda nan lame pèp Izrayèl la, li mete yo an pozisyon devan lame moun Aram yo. Lèfini, li mete Abichayi, frè l la, alatèt rès lame a, li fè yo pran pozisyon devan moun Amon yo. Joab di Abichayi konsa: — Si ou wè moun Aram yo sòti pou yo bat mwen, w'a vin ede m. Konsa tou, si mwen wè moun Amon yo vle pi fò pase ou, m'a vin ede ou. Mete gason sou nou. Kouray! Nou pral goumen rèd mare pou pèp nou an ak pou lavil Bondye nou an. Bondye va fè sa li vle li menm. Joab ak sòlda li yo mache sou moun Aram yo. Moun Aram yo kouri pou li. Lè moun Amon yo wè moun Aram yo kouri ale, yo kouri tou pou Abichayi, yo antre nan lavil la. Lè sa a, Joab sispann batay la ak moun Amon yo, li tounen lavil Jerizalèm.

Li 2 Samyèl 10

Koute 2 Samyèl 10

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: 2 Samyèl 10:9-14

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo