Je yo kale sou tout fanm. Yo chita ap benyen nan peche. Yo pran tèt moun ti lòlòj yo nan pèlen. Nanpwen moun renmen lajan pase yo konsa. Se moun ki anba madichon. Yo kite chemen ki dwat la, yo pèdi wout yo nèt. Yo pran swiv chemen Balaram, pitit Bozò a, ki te fè sa ki mal poutèt lajan. Men, yo te kouri dèyè l pou mechanste li a: yon bourik ki pa menm gen lapawòl te pale avè l tankou yon moun. Se sa ki te fè pwofèt la sispann aji tankou moun fou. Moun sa yo tankou sous dlo ki cheche, tankou nyaj gwo van ap pote ale. Kote ki fènwa anpil la ap pare tann yo tou. Y'ap pale ak awogans pawòl ki pa gen sans. Avèk lavi lib y'ap mennen pou satisfè lachè a, y'ap pran tèt moun ki fenk ap chape nan mitan moun k'ap viv nan manti yo. Yo pwomèt y'ap ba yo libète. Men, yo menm se esklav movèz vi a yo ye. Paske, yon moun esklav tout bagay ki donminen sou li.
Li 2 Pyè 2
Koute 2 Pyè 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 2 Pyè 2:14-19
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo