2 Pyè 2:1-10

2 Pyè 2:1-10 HAT98

Malgre sa, te gen kèk fo pwofèt nan mitan pèp Bondye a nan tan lontan. Konsa tou, va gen kèk dirèktè nan mitan nou k'ap bay manti. Yo pral vin ak yon bann bèl pawòl ki pa vre pou yo seye pèdi nou. Y'ap vire do bay Mèt la ki te delivre yo. Y'ap rale yon chatiman sou tèt yo k'ap detwi yo lapoula. Anpil moun pral kopye sou lavi imoral y'ap mennen. Konsa y'ap lakòz moun ap di vye pawòl sou laverite a. Nan kouri dèyè lajan, yo pral esplwate nou ak yon bann manti. Men, depi lontan moun sa yo deja jije, nanpwen chape pou yo. Bondye pa te fè pa zanj ki te peche yo. Li te lage yo nan touman. Li mete yo nan fènwè a. Y'ap rete la pou tann jijman. Bondye pat fè pa moun nan tan lontan yo. Men, li te delivre Noye, yon nonm ki te mache dwat devan li, ansanm ak sèt lòt moun lè li te voye gwo inondasyon an sou mechan yo. Li te kondannen lavil Sodòm ak lavil Gomò pou yo te disparèt, li fè yo tounen sann, pou sa te sèvi yon egzanp pou tout mechan ki gen pou vini apre yo. Men, li te delivre Lòt, yon nonm dwat ki te pran lapenn lè l te wè move bagay mechan yo t'ap fè. Paske, nonm dwat sa a ki t'ap viv nan mitan yo a, lè li te wè, lè li te tande tout bagay mal moun sa yo t'ap fè, se chak jou li santi kè l t'ap fann, paske li t'ap viv dwat devan Bondye. Konsa, Bondye konnen ki jan pou l delivre moun k'ap sèvi l yo nan mitan eprèv. Men, li kite mechan yo pou l ka pini yo jou jijman an, sitou moun k'ap viv pou lachè ak tout egzijans li yo, moun k'ap meprize otorite Bondye a. Moun sa yo gen je chèch konsa, yo awogan. Yo pa menm pè pale pouvwa yo ki nan syèl la mal.