Mwen menm, Simon Pyè, sèvitè ak apòt Jezikri, m'ap ekri lèt sa a pou nou menm ki resevwa yon konfyans ki gen menm valè ak pa m lan, gremesi Jezikri, Bondye nou ak Sovè nou ki fè nou gras. M'ap mande Bondye pou nou resevwa anpil benediksyon ak kè poze, gremesi konesans Bondye ak Jezikri, Senyè nou an, nou genyen. Pouvwa Bondye a ban nou tou sa nou bezwen pou nou ka viv, pou nou ka sèvi li. Li fè nou konnen moun ki te rele nou an, lè li te fè nou wè pouvwa li ak bèl bagay li yo. Se konsa, Bondye ban nou pwomès li yo ki gwo anpil, ki gen anpil valè, pou nou kapab patisipe nan sa Bondye ye a, pou nou kapab chape anba koripsyon ki nan lemonn, akòz move lanvi ki nan kè moun. Se poutèt sa, nou dwe fè tou sa nou kapab pou nou pa rete ak konfyans nou gen nan Bondye a sèlman. Men, apa konfyans lan se pou nou gen bon kondit. Apa bon kondit la, se pou nou gen konesans.
Li 2 Pyè 1
Koute 2 Pyè 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 2 Pyè 1:1-5
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo