2 Wa 8:7-15

2 Wa 8:7-15 HAT98

Apre sa, Elize ale lavil Damas. Bennadad, wa peyi Siri a, te malad. Y'al di wa a pwofèt la te nan lavil la. Wa a rele Azayèl, yonn nan chèf li yo, li di l konsa: — Pote yon bagay fè pwofèt Bondye a kado. Lèfini, mande l pou l pale ak Senyè a pou konnen si m'ap leve anba maladi sa a. Se konsa Azayèl al wè Elize, li pran tout kalite bon bagay li jwenn lavil Damas, li chaje yo sou karant chamo pote bay Elize. Lè li rive devan Elize, li di l konsa: — Pitit ou, Bennadad, wa peyi Siri a, voye m vin mande ou si l'ap leve anba maladi l la. Elize reponn: — Senyè a fè m konnen l'ap mouri, men ou menm, al di l l'ap refè. Lè li fin di sa, Elize pran gade Azayèl nan je. Lè Azayèl wè sa, sa jennen l anpil. Elize rete konsa, dlo pran kouri nan je l. Azayèl mande l: — Mèt, poukisa w'ap kriye a? Elize reponn: — Paske mwen gentan konnen tou sa ou pral fè pèp Izrayèl la pase. Ou pral met dife nan gwo fò yo, ou pral touye jenn gason l yo ak nepe, ou pral kraze pitit yo, ou pral louvri vant fanm ansent yo. Azayèl mande l: — Kisa mwen ye menm pou mwen ta rive fè tou sa? Yon chen gen plis pouvwa pase mwen. Elize reponn li: — Senyè a fè mwen konnen se ou ki pral wa peyi Siri. Azayèl kite Elize, li tounen al jwenn mèt li ki mande l: — Sa Elize di ou? Li reponn: — Li di m li sèten w'ap refè. Men nan denmen, Azayèl pran yon dra, li plonje li nan dlo, li mete li bouche figi wa a epi wa a tou mouri toufe. Azayèl moute wa sou fotèy peyi Siri a nan plas Bennadad.