Lè sètan yo fin pase, li tounen nan peyi Izrayèl, l'al jwenn wa a, li mande l pou yo renmèt li kay li ak jaden li. Li jwenn wa a t'ap pale ak Gerazi, domestik pwofèt Bondye a, paske wa a te mande l pou l te vin rakonte l tout bèl bagay Elize te fè yo. Gerazi t'ap rakonte wa a kijan Elize te fè pitit gason yon fanm leve sòti vivan nan lanmò lè madanm lan vin pale ak wa a pou kay li ak jaden l yo. Gerazi di wa a: — Monwa, men madanm lan ansanm ak pitit gason Elize te fè leve sòti vivan nan lanmò a. Wa a mande madanm lan pou li rakonte l jan sa te pase. Lè madanm lan fini, wa a bay yonn nan chèf li yo lòd renmèt madanm lan tou sa ki te pou li ansanm ak tou sa jaden yo te rapòte depi jou li te kite peyi a rive jouk jou li tounen an.
Li 2 Wa 8
Koute 2 Wa 8
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 2 Wa 8:3-6
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo