Lè sa a li tounen bò kote sèvitè Bondye a ansanm ak tout moun ki te avè l yo. Li kanpe devan l, li di l konsa: — Kounyeya, mwen konnen pa gen Bondye lòt kote sou latè pase nan peyi Izrayèl la. Tanpri, resevwa kado m'ap ba ou la a. Men Elize di l: — Mwen pran Senyè vivan m'ap sèvi a pou temwen, mwen p'ap resevwa okenn kado. Naaman t'ap fòse l pou l pran kado a, men Elize derefize. Lè sa a, Naaman di: — Dakò, ou pa vle. Men tanpri, ban m ti gout tè pou m chaje sou de milèt pote ale avè m. Paske mwen menm ki la pou sèvi ou la, depi jòdi a mwen p'ap fè ofrann, mwen p'ap boule bèt pou okenn lòt bondye pase pou Senyè a. Tansèlman, m'ap mande Senyè a pou li padonnen davans kèk jès m'ap fè. Paske lè chèf mwen pral fè sèvis nan tanp Rimon an, se sou bra mwen pou l'apiye. Mwen fèt pou mwen bese tèt ansanm ak li nan tanp lan. Se pou Senyè a padonnen mwen davans.
Li 2 Wa 5
Koute 2 Wa 5
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 2 Wa 5:15-18
4 Jou
Naaman te gen yon gwo maladi ki te tonbe sou li, maladi sa a rele lèp, men Bondye te mande l fè yon bagay ki te sanble dwòl: plonje sèt fwa nan larivyè Jouden an. Atravè istwa li, n ap aprann kijan obeyisans, lafwa, ak pasyans kapab pote mirak nan lavi nou. Ann etidye istwa Naaman an pandan kat jou sa yo, pandan nou va reflechi sou pouvwa Bondye ak plan Li pou lavi nou.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo