Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

2 Wa 4:1-7

2 Wa 4:1-7 HAT98

Madanm yonn nan pitit pwofèt yo vin kriye nan pye Elize. Li di li: — Mari mwen, sèvitè ou, mouri. Ou konnen jan li te respekte Bondye. Men koulyeya, yon nonm mari mwen te dwe, li vle sezi de pitit gason mwen yo pou fè yo esklav. Elize di madanm nan: — Kisa m'ka fè pou ou? Kisa ou gen nan kay la. Madanm nan reponn: — Mèt, sèvant ou pa gen anyen non, esepte yon flakon lwil. Elize di li: — Ale nan vwazinay. Prete valè veso vid ou ka jwenn prete. Lèfini, antre andan ak yo ansanm ak de pitit gason ou yo. Fèmen tout pòt. Plen veso yo lwil. Chak sa ou fin plen, mete li sou kote. Se konsa, madanm nan kite Elize, li tounen al jwenn pitit li lakay li. Li fèmen pòt. Li pran flakon lwil la, li vide plen veso vid yo. Ti mesye li yo t'ap pote veso yo ba li yonn apre lòt. Li menm li t'ap plen yo. Lè tout veso fin plen nèt, madanm nan mande yonn nan timoun yo si pa gen veso ankò. Li reponn li: — Pa gen ki vid ankò non. Lamenm, lwil la rete koule. Madanm nan al jwenn Elize. Li rakonte li tout bagay. Elize di li: — Bon, al vann lwil peye dèt ou. Lèfini, w'ap rete lajan pou viv ak pitit ou.

Li 2 Wa 4

Koute 2 Wa 4

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: 2 Wa 4:1-7

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo