Lè Jojakim mouri se Jojakin, pitit gason li a, ki moute wa nan plas li.
Wa peyi Lejip la pa janm sòti kite peyi l la ankò, paske wa peyi Babilòn lan te pran tout zòn ki te pou wa peyi Lejip la, depi larivyè Lefrat rive nan ravin Lejip.
Jojakin te gen dizwitan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan twa mwa. Manman l te rele Neouchta. Se te pitit fi Elnatan, moun lavil Jerizalèm. Li fè sa ki mal devan Senyè a tankou papa l.
Se sou reny li lame Nebikadneza, wa peyi Babilòn lan, te mache sou lavil Jerizalèm. Yo sènen lavil la. Pandan lame a te sènen lavil la, Nebikadneza vin atake lavil la li menm menm. Lè sa a, Jojakin, wa peyi Jida a, al rann tèt li bay wa Babilòn lan ansanm ak manman l, pitit gason l yo, chèf lame l yo ak chèf palè li yo. Wa a fè yo tout prizonye. Lè sa a, Nebikadneza t'ap mache sou witan depi li te wa. Li pran tout richès ki te nan Tanp Senyè a ak nan palè wa a. Li kraze tout bèl bagay lò, Salomon, wa Izrayèl la, te fè pou sèvi nan Tanp Senyè a, jan Senyè a te konn fè sa depi lontan an. Nebikadneza depòte dènye moun ki te lavil Jerizalèm, tout chèf yo, tout grannèg yo, li depòte tout atizan yo ak tout bòs fòjon yo. Sa te fè dimil (10.000) moun antou. Se moun pòv yo ase li kite nan peyi Jida a.
Nebikadneza fè Jojakin prizonye ansanm ak manman l, madanm li yo, chèf nan gouvènman l yo ak tout grannèg peyi Jida yo. Li depòte yo, li pran yo lavil Jerizalèm li mennen yo peyi Babilòn. Wa peyi Babilòn lan te depòte antou sètmil (7.000) prizonye nan peyi Babilòn, ansanm ak mil atizan ak bòs fòjon san konte vanyan gason ki te ka fè lagè.
Apre sa, Nebikadneza pran Matanya, tonton wa Jojakin, li mete l wa nan peyi Jida. Li chanje non l, li rele l Sedesyas.