Tout rès istwa Jozyas la ak tou sa li te fè, n'a jwenn yo ekri nan liv Istwa wa Jida yo. Se sou reny Jozyas, farawon Neko, wa peyi Lejip, te moute nan direksyon larivyè Lefrat pou l'al bay wa peyi Lasiri a yon koutmen. Wa Jozyas sòti al kontre l pou anpeche li pase. Rive bò lavil Megido, wa Neko wè l, li touye l. Ofisye lame wa Jozyas yo pran kadav la, yo mete l sou yon cha sòti Megido, yo mennen l lavil Jerizalèm kote yo antere l nan kavo li. Apre sa, pèp la pran Joakaz, pitit Jozyas, yo mete l apa devan Bondye pou l sèvi wa nan plas papa l. Joakaz te gen venntwazan lè li moute wa nan peyi Jida. Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan twa mwa. Manman l te rele Amoutal. Se te pitit fi Jeremi, moun lavil Libna. Men li fè sa ki mal nan je Senyè a tankou zansèt li yo. Farawon Neko fèmen l nan prizon lavil Ribla nan zòn Amat, pou li pa gouvènen nan lavil Jerizalèm ankò. Lè sa a tou, farawon an fè peyi Jida soumèt devan l. Li fòse peyi a ba li sètmil senksan (7.500) liv ajan ak swasannkenz liv lò.
Li 2 Wa 23
Koute 2 Wa 23
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 2 Wa 23:28-33
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo