Wa Jozyas bay pèp la lòd pou yo fete fèt Delivrans lan pou fè lwanj Senyè a, Bondye yo a, jan sa ekri nan Liv Kontra a. Yo pat janm fete fèt Delivrans lan konsa depi lè jij-chèf yo t'ap gouvènen peyi a, ni pandan reny tout wa peyi Izrayèl yo ak tout wa peyi Jida yo. Se sèlman sou reny wa Jozyas yo fete fèt Delivrans lan konsa lavil Jerizalèm pou Senyè a. Lè sa a, wa a t'ap mache sou dizwitan depi li t'ap gouvènen peyi a. Jozyas fè disparèt tout divinò ak tout moun ki konn rele mò, tout estati zidòl wogatwa ak lòt vye zidòl degoutan, ak tout lòt vye bagay yo te konn wè nan tout peyi Jida ak nan lavil Jerizalèm. Li fè sa pou l te ka kenbe kòmandman ak prensip ki ekri nan liv Lalwa Ilkija, prèt la, te jwenn nan Tanp Senyè a. Ni anvan l, ni apre l, pat janm gen yon wa tankou l ki te sèvi Senyè a ak tout kè li, ak tout nanm li, ak tout kouray li, jan lalwa Moyiz mande l la. Men malgre sa, Senyè a te move toujou sou pèp peyi Jida a depi lè li te fache sou Manase pou sa l te fè a. Se poutèt sa, Senyè a di: — Mwen pral wete moun peyi Jida yo devan je m menm jan m te fè l pou moun peyi Izrayèl yo. Se mwen ki te chwazi lavil Jerizalèm. Enben, m pral voye l jete ansanm ak Tanp mwen te di se la m'ap rete a.
Li 2 Wa 23
Koute 2 Wa 23
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 2 Wa 23:21-27
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo