2 Wa 23:1-15

2 Wa 23:1-15 HAT98

Lè sa a, wa Jozyas voye misyon bay tout chèf fanmi nan lavil Jerizalèm ak nan tout peyi Jida a pou yo reyini ansanm avè l. Apre sa, wa a moute nan Tanp Senyè a ansanm avèk prèt yo, pwofèt yo, tout moun peyi Jida yo, moun ki rete Jerizalèm yo ak tout rès pèp la, tout moun alawonn. Wa a kanpe devan tout moun, li li byen fò tout sa ki nan liv Kontra yo te jwenn nan Tanp Senyè a. Lè li fini, li rete kanpe nan plas rezève pou li bò gwo poto a, li pran angajman devan Senyè a pou li fè volonte Senyè a, pou li mache dapre kòmandman, prensip ak lòd Bondye yo ak tout kè li ak tout nanm li. Lèfini, pou l kenbe tout kondisyon kontra ki ekri nan liv la. Tout pèp la pran angajman pou yo kenbe kontra a tou. Apre sa, Jozyas rele Ilkija, granprèt la, prèt ki te avè l yo ak sòlda ki te desèvis nan pòt Tanp lan, li ba yo lòd al pran nan Tanp lan tout bagay yo te fè pou Baal, pou Achera ak pou zetwal yo, pote yo deyò. Wa a boule tout bagay sa yo andeyò lavil la, bò fon Sedwon an. Lèfini, li fè pote tout sann yo lavil Betèl. Li revoke tout prèt ansyen wa peyi Jida yo te nonmen pou fè sèvis sou lotèl zidòl yo nan lavil peyi Jida yo ak nan zòn Jerizalèm, tout prèt ki t'ap fè sèvis pou Baal, pou solèy, pou lalin, pou douz gwoup zetwal yo ak pou tout lòt zetwal yo. Li wete estati Achera, estati zidòl fanm ki te nan Tanp lan, li fè yo pote li deyò lavil la nan fon Sedwon an. Li boule li, li kraze li fè li tounen pousyè. L'al simen pousyè a nan simityè pèp la. Li demoli tout kay kote mesyedam k'ap fè jennès pou zidòl yo te rete nan Tanp Senyè a. Se la medanm yo te konn fè twal pou estati Achera a tou. Lèfini, li fè tout prèt ki te rete nan lavil peyi Jida yo antre lavil Jerizalèm. Li mache nan tout peyi a depi lavil Geba jouk lavil Bècheba, li gate tout kote prèt sa yo te konn fè sèvis pou zidòl yo, kifè yo pat ka sèvi pou sa ankò. Li demoli lotèl pòtay yo, ki te bò pòtay Jozye, gouvènè lavil la, te bati sou bò gòch pòtay prensipal la lè w'ap antre. Tansèlman, prèt ki te sèvi nan tanp zidòl sa yo pat gendwa sèvi nan Tanp lan ankò, men yo te gendwa manje pen san ledven ansanm ak lòt prèt parèy yo. Wa Jozyas gate Tofèt la tou, yon tanp zidòl ki te nan fon Inon an, konsa pèsonn pat ka ofri pitit fi osinon pitit gason yo pou boule pou Molòk ankò. Li wete chwal wa Jida yo te mete apa pou sèvis bondye Solèy la. Li boule cha ki te konn sèvi nan sèvis pou solèy la. Se nan yon pyès nan lakou Tanp lan yo te ye, toupre pòtay la, bò kay kote Netanmelèk, nèg konfyans wa a, te rete. Wa Jozyas demoli lotèl wa Jida yote fè bati sou teras anwo apatman wa Akaz la, ansanm ak lotèl wa Manase te bati nan de lakou Tanp lan. Li kraze lotèl yo fè miyèt moso. Li voye yo jete nan fon Sedwon an. Jozyas gate tout lotèl wa Salomon te fè bati sou bò solèy leve lavil Jerizalèm, sou bò sid Mòn Pye Oliv yo, pou fè sèvis pou Astate, vye zidòl peyi Sidon an, pou Kemòch, vye zidòl peyi Mowab la, ak Milkòm, vye zidòl peyi Amon an. Wa Jozyas kraze Poto Wòch yo, li koupe estati Achera, zidòl fanm lan. Li kouvri tout kote yo te ye a ak zosman moun. Jozyas demoli lotèl ak tanp zidòl wa Jewoboram, pitit Nebat la, te bati lavil Betèl la tou. Se Jewoboram sa a ki te lakòz pèp Izrayèl la fè sa ki mal. Li kraze lotèl la, li fè wòch yo tounen poud. Li boule estati Achera a.