2 Wa 22:1-13

2 Wa 22:1-13 HAT98

Jozyas te gen witan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan tranteyennan. Manman l te rele Jedida. Se te pitit fi Adaja, moun lavil Bozka. Jozyas te fè sa ki dwat devan Senyè a. Li mache pye pou pye dèyè David, zansèt li, nan tou sa l'ap fè san li pa janm fè sa ki mal. Wa Jozyas t'ap mache sou dizwitan depi li t'ap gouvènen. Yon jou li pran sekretè palè a, Chafan, pitit gason Azalya a, pitit pitit Mechoulam lan, li voye l nan Tanp Senyè a, li di l konsa: — Ale jwenn Ilkija, granprèt la. W'a di l pou l fè rapò kantite lajan prèt ki desèvis devan pòt Tanp lan ranmase nan men pèp la. W'a di l pou l renmèt lajan an nan men mesye ki reskonsab travay ki pou fèt nan Tanp lan, pou yo menm yo ka peye moun k'ap travay repare Tanp lan, ki vle di: bòs chapant yo, kontremèt yo ak bòs mason yo, lèfini pou yo achte bwa ak wòch yo bezwen pou fè reparasyon nan Tanp lan. Li p'ap bezwen fè regleman ak moun sa yo, paske se moun serye yo ye. Lè Chafan, sekretè a, fin bay Ilkija lòd wa a, Ilkija di l konsa: — Mwen jwenn liv lalwa a nan Tanp Senyè a. Ilkija bay Chafan liv la. Chafan li l. Lèfini, li tounen al jwenn wa a, li fè rapò li. Li di l konsa: — Moun ou yo pran tout lajan ki te nan Tanp lan, yo renmèt li bay moun ki reskonsab fè reparasyon nan Tanp Senyè a. Lèfini, li di wa a: — Ilkija, prèt la, te ban m yon liv tou. Chafan li liv la pou wa a. Lè wa a tande pawòl ki te ekri nan liv la, li chire rad sou li a sitèlman li te sezi. Li fè chache Ilkija, prèt la, Akikam, pitit Chafan an, Achbò, pitit Mikaja a, Chafan, sekretè palè a, ak Asaja, nèg konfyans wa a. Li ba yo lòd sa a: — Ale chache konnen sa Senyè a vle nou fè, mwen menm ansanm ak tout pèp Jida a, avèk tout pawòl ki nan liv nou jwenn lan! Senyè a move anpil sou nou, paske zansèt nou yo pat okipe sa yo di nan liv la, ni yo pat fè tou sa ki ekri ladan l.