Lè a te rive pou Senyè a te fè Eli moute nan syèl nan yon toubouyon. Eli ak Elize pati ansanm, yo kite lavil Gilgal. Eli di Elize konsa:
— Ou mèt rete isit la tande, paske Senyè a ban m lòd pou mal Betèl.
Men, Elize reponn li:
— Mwen pran ou menm ansanm ak Senyè ki vivan an pou temwen, mwen p'ap kite ou ale pou kont ou.
Se konsa yo pati ansanm pou lavil Betèl. Men, yon gwoup pwofèt ki te rive lavil Betèl vin kontre Elize, yo di l konsa:
— Ou pa konnen Senyè a pral pran mèt ou a jòdi a?
Elize reponn yo:
— Mwen konn sa wi. Men nou menm, nou pa bezwen di anyen ankò!
Apre sa, Eli di Elize:
— Kounyeya ou mèt rete isit la tande, paske Senyè a te ban m lòd pou mal Jeriko.
Men, Elize reponn li:
— Mwen pran ou menm ansanm ak Senyè ki vivan an pou temwen, mwen p'ap kite ou ale pou kont ou.
Se konsa yo pati ansanm pou lavil Jeriko. Yon gwoup pwofèt ki te rete lavil Jeriko vin kontre Elize, yo di l konsa:
— Ou pa konnen Senyè a pral pran mèt ou a jòdi a?
Elize reponn:
— Mwen konn sa wi! Men nou menm, nou pa bezwen di anyen ankò.
Apre sa, Eli di Elize:
— Kounyeya ou mèt rete isit la tande, paske Senyè a ban m lòd pou mal bò larivyè Jouden.
Men, Elize reponn li:
— Mwen pran ou menm ansanm ak Senyè ki vivan an pou temwen, mwen p'ap kite ou ale pou kont ou.
Se konsa yo pati ansanm ankò. Senkant nan pwofèt Jeriko yo t'ap mache dèyè yo. Eli ak Elize rete bò larivyè Jouden an. Senkant pwofèt yo menm rete yon ti distans lwen yo. Eli wete gwo rad ki te sou li a, li woule l, li frape dlo a avè l. Dlo a fann de bò. Eli ak Elize janbe lòt bò larivyè a san pye yo pa mouye. Lè yo fin janbe, Eli di Elize konsa:
— Di m kisa ou ta vle m fè pou ou anvan Bondye pran m.
Elize reponn li:
— Mwen ta renmen resevwa yon pòsyon doub nan lespri ki sou ou a.
Eli di li:
— Sa ou mande m la a pa fasil. Men, si ou wè m ak je ou lè m'ap kite ou la, w'ap jwenn sa ou mande a. Men, si ou pa wè m, w'a konnen ou p'ap jwenn li.
Yo t'ap mache ansanm, yo t'ap pale yonn ak lòt lè yon cha dife ak chwal dife vin nan mitan yo. Epi li pote Eli moute nan syèl nan yon gwo toubouyon. Lè Elize wè sa, li rele Eli epi li di:
— Papa mwen! Papa mwen! Ou menm ki te tankou yon gwo lame pou pran defans peyi Izrayèl la, ou ale vre!
Epi li pa wè Eli ankò. Yon sèl lapenn pran Elize. Sa fè li chire rad sou li fè de moso. Lèfini, li ranmase gwo rad ki te sòti sou zepòl Eli tonbe atè a, epi li tounen. Rive bò larivyè Jouden an li kanpe. Li frape dlo a ak rad ki te sòti sou zepòl Eli a, epi li di byen fò:
— Kote Senyè a, Bondye Eli a?
Li frape dlo a yon dezyèm fwa ak rad Eli a. Dlo a fann de bò. Elize janbe lòt bò larivyè a.