Si yon moun ap viv nan Kris la, li vin yon lòt moun. Bagay lontan yo disparèt, se lòt bagay nèf ki pran plas yo kounyeya. Tou sa sòti nan Bondye ki fè nou vin zanmi avè l ankò, gremesi Kris la. Se li menm tou ki fè m konfyans, ki ban m travay sa a pou mennen lèzòm vini byen avè l ankò. Paske nan Kris la, Bondye t'ap fè tou sa li te kapab pou fè moun vin byen avè l ankò. Li pat gade sou peche lèzòm te fè. Se li menm ki mete mwen la pou fè lèzòm konnen ki jan l'ap fè yo byen avè l ankò. Se sa k fè mwen pale nan non Kris la menm ki te voye m, tankou si se Bondye menm k'ap pale nan bouch mwen pou di nou: tanpri, nan non Kris la, tounen vin byen ak Bondye ankò.
Li 2 Korent 5
Koute 2 Korent 5
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 2 Korent 5:17-20
4 Jou
Devosyon sa yo ap esplike kisa sanktifikasyon an ye, li ap montre enpòtans li ak jan li se yon aspè esansyèl nan lafwa kretyen. Atravè etid kèk vèsè kle, nou pral konprann ke sanktifikasyon se pa yon opsyon, men yon etap ki nesesè nan lavi espirityèl nou, enpòtans pou viv yon lavi ki onore Bondye.
5 Jou
Gid lekti biblik sa a se yon bon zouti pou nou menm ki apèn asepte Kris. Dokiman sa a va ede nou konprann kijan pou nou grandi nan lafwa nan Kris la. Pou chak jou yo w ap jwenn pasaj biblik ki akòde ak istwa yo pou ede w byen konprann epi aplike yo nan lavi w.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo