Mwen jwenn tout kalite difikilte. Men, mwen pa janm kwense nèt. Mwen konn rive nan sitirasyon mwen pa konn ni sa pou m fè, ni sa pou m di. Men, mwen pa janm pèdi espwa. Yo pèsekite m, men Bondye pa janm lage mwen. Mwen pran gwo sò, men mwen pa rete atè a. Se konsa, kote m pase mwen pote soufrans lanmò Jezi a nan kò mwen, pou tout moun ka wè pouvwa lavi Jezi a ap travay nan kò m tou. Nan lavi m, se tout tan m'ap pase toupre lanmò poutèt Jezi, pou pouvwa lavi Jezi a ka parèt aklè nan kò mwen ki la pou mouri. Konsa, lanmò ap travay nan mwen, men se lavi k'ap travay nan nou menm moun Korent. Men sa ki ekri nan Liv la: Mwen te gen konfyans, se poutèt sa mwen te pale. Mwen menm tou, mwen gen menm konfyans sa a, se poutèt sa m'ap pale. Mwen konnen Bondye ki te fè Senyè Jezi leve sòti vivan nan lanmò a, li gen pou l fè m tounen vivan ankò ansanm ak Jezi, li gen pou l fè m parèt ansanm ak nou devan li. Se poutèt nou menm, moun Korent, kifè tout bagay sa yo rive, paske fòk gen plis moun toujou k'ap resevwa favè Bondye a pou sa gen plis moun tou k'ap lapriyè pou di Bondye mèsi pou pouvwa li. Se sa ki fè mwen pa janm dekouraje. Menm si kò mwen ap bese chak jou, men lespri m' rete toujou jenn.
Li 2 Korent 4
Koute 2 Korent 4
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 2 Korent 4:8-16
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo