2 Korent 3:7-18

2 Korent 3:7-18 HAT98

Yo te ekri lalwa a lèt apre lèt sou de tablo wòch. Pouvwa Bondye a te parèt aklè lè li t'ap bay li. Lè sa a, figi Moyiz te sitèlman klere, moun Izrayèl yo pa te ka fikse li. Men li pa te klere tout tan. Si travay lalwa a ki te la pou bay lanmò te parèt konsa, nou pa bezwen mande si pouvwa ki parèt lè Lespri Bondye a ap travay p'ap pi klere toujou. Travay ki t'ap fè yo kondannen moun lan te gen pouvwa, se vre! Nou pa bezwen mande ki kalite pouvwa ki dwe genyen nan travay k'ap fèt pou Bondye fè moun gras. Nou ka menm di pouvwa ki te parèt aklè nan tan lontan an pa anyen devan pouvwa k'ap parèt aklè kounyeya, sitèlman li depase l anpil. Si sa ki te la pou yon tan an te gen pouvwa, nou pa bezwen mande ki pouvwa sa ki la pou tout tan an genyen. Se paske mwen gen tout espwa sa a kifè kè m poze konsa. Mwen pa tankou Moyiz: klate ki te nan figi l la te la pou yon tan. Se sa ki fè Moyiz te kouri kouvri tout figi l ak yon moso twal pou moun pèp Israyèl yo pat wè lè klate a disparèt. Men, yo pat ka konprann anyen. Jouk kounyeya, lè y'ap li liv ansyen kontra yo, vwal la toujou la sou lespri yo. Lè yon moun mete konfyans yo nan Kris la, se lè sa a vwal la disparèt. Jòdi a ankò, chak fwa y'ap li liv Moyiz yo, vwal la kouvri lespri yo. Men, tankou sa ekri nan liv la: Lè yon moun tounen vin jwenn Senyè a, vwal la sòti. Kilès Senyè y'ap pale la a? Se Lespri Bondye a. Kote Lespri Bondye a ye, l'a gen libète. Nou tout, nou pa kouvri figi nou. Nou tankou yon glas k'ap fè moun wè pouvwa Bondye a: konsa chak jou n'ap transfòme, pouvwa li ap grandi nan nou, jouk tan n'a rive sanble nèt ak Senyè a. Sa se travay Senyè a. Lespri Bondye.