Wi, se bagay ki klè, nou menm moun Korent, nou se yon lèt Kris la menm te ekri ban m' pote. Li pa te ekri li ak lank sou wòch, men li ekri li ak Lespri Bondye vivan an nan lavi nou. M'ap di nou tou sa, paske, gremesi Jezikri, mwen gen konfyans nan Bondye. Konprann byen, mwen pat janm gen pretansyon pou m ta kapab fè bagay konsa ak pwòp kouray mwen. Sa mwen fè a, se Bondye ki fè m ka fè li. Se li menm ki fè m ka sèvi anba nouvo kontra a. Kontra sa a pat fèt dapre lalwa ki ekri a, men dapre pouvwa Lespri Bondye a. Lalwa ki ekri a bay lanmò, men Lespri Bondye a bay lavi.
Li 2 Korent 3
Koute 2 Korent 3
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 2 Korent 3:3-6
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo