An senk fwa, jwif yo ban m trant nèf kout fwèt. An twa fwa, women yo bat mwen. Yon fwa yo kalonnen m wòch pou yo te touye mwen. Batiman koule avè m twa fwa. Yon fwa menm mwen pase yon jou ak yon nwit nan dlo. Anpil fwa menm, nan vwayaje konsa, dlo manke pote m' ale. Ansasen te manke touye mwen, jwif yo te mete lavi m' andanje, ata moun lòt nasyon yo t'ap chache touye m' tou. Mwen te andanje ni lavil ni andeyò ni sou lanmè. Ata swadizan frè yo te manke touye mwen tou. Mwen redi travay di, mwen fatige kò m anpil, mwen pase anpil nwit san dòmi, mwen konnen sa ki rele grangou ak swaf dlo. Anpil fwa mwen te blije rete san manje, mwen soufri fredi, mwen konn pa gen rad pou m mete sou mwen.
Li 2 Korent 11
Koute 2 Korent 11
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 2 Korent 11:24-27
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo