Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

2 Korent 11:23-29

2 Korent 11:23-29 HAT98

Eske yo se moun k'ap sèvi Kris la? (Map pale kounyeya tankou moun ki deraye nèt.) Mwen sèvi Kris la plis pase yo: mwen travay pase yo, yo mete m nan prizon pi plis pase yo, yo bat mwen pi plis pase yo, mwen manke mouri pi souvan pase yo. An senk fwa, jwif yo ban m trant nèf kout fwèt. An twa fwa, women yo bat mwen. Yon fwa yo kalonnen m wòch pou yo te touye mwen. Batiman koule avè m twa fwa. Yon fwa menm mwen pase yon jou ak yon nwit nan dlo. Anpil fwa menm, nan vwayaje konsa, dlo manke pote m' ale. Ansasen te manke touye mwen, jwif yo te mete lavi m' andanje, ata moun lòt nasyon yo t'ap chache touye m' tou. Mwen te andanje ni lavil ni andeyò ni sou lanmè. Ata swadizan frè yo te manke touye mwen tou. Mwen redi travay di, mwen fatige kò m anpil, mwen pase anpil nwit san dòmi, mwen konnen sa ki rele grangou ak swaf dlo. Anpil fwa mwen te blije rete san manje, mwen soufri fredi, mwen konn pa gen rad pou m mete sou mwen. San konte anpil lòt bagay ankò, chak jou se tèt chaje pou mwen ak bagay mwen gen pou m regle pou tout legliz yo. Si yon moun fèb, lamenm mwen fèb tou. Si yon moun tonbe nan peche, sa rann mwen malad.

Li 2 Korent 11

Koute 2 Korent 11

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: 2 Korent 11:23-29

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo