M'ap repete sa m te di a: Piga pèsonn pran m pou moun fou. Men, si nou pran m pou moun fou, kite m pran pòz moun fou m vre pou m kapab vante tèt mwen yon ti kras tou. Sa m'ap di kounyeya, se pa sa menm Senyè a ta renmen m di. Men, nan pozisyon yo mete m ki fè m ka vante tèt mwen an, m'ap pale tankou si m te fou. Sitèlman gen moun k'ap vante tèt yo pou bagay y'ap fè sou latè, kite m vante tèt mwen tou. Nou menm ki gen bon konprann nou pa manke tolere moun fou! Nou kite yo fè nou tounen esklav, nou kite yo devore nou, nou kite yo pran nou nan pèlen, nou kite yo fè awogans sou nou, nou kite yo ban nou souflèt. Wi, mwen wont di sa: Mwen te twò fèb pou m te aji jan m te aji ak nou an! Men, si gen moun ki ka pèmèt yo vante tèt yo pou lòt bagay (pa bliye m'ap pale tankou yon moun fou wi!), mwen menm tou m'ap pèmèt mwen fè sa tou.
Li 2 Korent 11
Koute 2 Korent 11
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 2 Korent 11:16-21
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo