Men sa mwen menm Pòl, m'ap mande nou ak dousè ansanm ak bon kè ki sòti nan Kris la. Gen moun ki pretann mwen fèmen lè m nan mitan nou, men lè m lwen nou mwen sevè. Tanpri, pa fòse m moutre nou jan mwen ka sevè lè m'a rive lakay nou. Paske mwen sèten m'a ka moutre m sevè annegad moun ki konprann m'ap aji dapre bon konprann lèzòm. M'ap viv kounyeya nan yon kò tankou tout moun, se vre. Men, mwen p'ap goumen menm jan ak tout moun. Zam m'ap sèvi nan batay m'ap mennen an, se pa menm ak zam moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo. Zam mwen se zanm ki gen pouvwa devan Bondye pou kraze tout gwo fò. M'ap kraze tout pawòl esplikasyon ki pa bon, lògèy ki anpeche lèzòm konn Bondye, m'ap kraze sa nèt. M'ap derasinen tout vye lide nan tèt lèzòm pou fè yo vin obeyi Kris.
Li 2 Korent 10
Koute 2 Korent 10
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 2 Korent 10:1-5
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo