Men sa mwen te tande a, se pa rive menm nan pwent pye sa je mwen ban mwen. Bon konprann ou ak richès ou pi plis lontan pase sa yo te di a. Ala bèl chans moun pa ou yo genyen! Ala bèl chans pou moun k'ap travay avè ou! Yo toujou la devan ou ap tande gwo pawòl sajès k'ap soti nan bouch ou! Lwanj pou Senyè a, Bondye ou la! Li moutre jan li kontan avè ou. Li mete ou chita sou fòtèy li a pou ou te ka wa peyi Izrayèl la. Li menm ki renmen peyi Izrayèl la, li vle pou peyi a pa janm disparèt. Li mete ou wa pou ou ka kenbe peyi a nan lòd, nan bon chemen, san patipri.
Li 2 Kwonik 9
Koute 2 Kwonik 9
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 2 Kwonik 9:6-8
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo