Tout rès istwa Jojakim lan, jan li te sèvi vye zidòl yo ak tout mechanste li te fè yo, nou jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida ak wa peyi Izrayèl yo. Se Jojakin, pitit li, ki moute wa nan plas li. Jojakin te gen dizwitan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan twa mwa dis jou. Li menm tou, li te fè sa ki mal devan Senyè a. Nan sezon prentan ki vin apre sa, wa Nebikadneza fè Jojakin prizonye, li mennen l lavil Babilòn. Li pran tout richès ki te nan Tanp Senyè a pote ale. Apre sa, Nebikadneza pran Sedesyas, frè papa Jojakin, li mete l wa lavil Jerizalèm nan peyi Jida.
Li 2 Kwonik 36
Koute 2 Kwonik 36
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 2 Kwonik 36:8-10
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo