2 Kwonik 36:15-23

2 Kwonik 36:15-23 HAT98

Senyè a, Bondye zansèt yo a, pat manke voye pwofèt pou avèti pèp li a, paske li pat vle anyen rive ni pèp li a ni Tanp li a. Men, yo pase mesaje Bondye yo nan betiz, yo pa okipe sa Bondye te di yo, yo pase pwofèt yo anba rizib. Bout pou bout, Senyè a te vin sitèlman fache pat gen rechap pou yo ankò. Se konsa Senyè a fè moun Babilòn moute vin atake yo. Wa a touye tout jenn gason Jida nan Tanp lan menm. Li pa te gen pitye pou pesonn, granmoun kou timoun, fanm kou gason, moun malad kou moun gaya. Bondye lage yo tout nan men wa a. Wa a menm pran dènye sa ki te nan Tanp lan ak nan pyès trezò Tanp lan ansanm ak richès wa a ak richès lòt gwo chèf yo, li pote yo lavil Babilòn. Lèfini, li mete dife nan Tanp lan. Li kraze miray lavil la. Li boule tout gwo kay yo ak tout bèl bagay koute chè ki te ladan yo. Li pran tout moun ki pat mouri yo, li depòte yo lavil Babilòn kote yo sèvi l, li menm ansanm ak pitit li yo, tankou esklav, jouk gouvènman an pase nan men wa peyi Pès la. Se konsa, sa Senyè a te mete nan bouch pwofèt Jeremi an rive vre: Pandan swasanndizan tè a pral rete san yon moun ladan l, li pral pran repo pou tout jou repo yo pat janm ba li a. Lè sa a, lanperè Siris pa te ankò gen ennan depi li t'ap gouvènen peyi Lapès lè Senyè a mete lide nan tèt misye pou li fè ekri lòd, epi voye li nan tout peyi a pou yo te ka li lòd la pou tout moun tande. Sa te pase konsa pou pawòl Senyè a te mete nan bouch pwofèt Jeremi te ka rive vre. Men lòd la: — Mwen menm Siris, lanperè peyi Lapès, men lòd mwen pase: Senyè Bondye nan syèl la, mete m' chèf sou tout peyi sou latè. Li ban m' reskonsablite pou mwen bati yon Tanp pou li lavil Jerizalèm, nan peyi Jida. Nou mande pou Bondye pèp sa a beni tout moun ki fè pati pèp Izrayèl la, pou yo moute lavil Jerizalèm.