Apre sa, lè wa Jozyas te fin fè tout reparasyon ki pou te fèt nan Tanp lan, Neko, wa peyi Lejip la, moute nan direksyon larivyè Lefrat pou l al goumen bò lavil Kakemich. Jozyas sòti al kontre l pou anpeche l pase. Men, Neko voye misyon sa a bay Jozyas: — Ou wè ou menm, wa peyi Jida, pa antre nan lagè sa a tande! M pa vin pou m goumen avè ou, men se avèk yon lòt nasyon mwen gen kont. Bondye di m pa mize. Tanpri, pou pwòp byen ou, pa kenbe tèt ak Bondye ki avè m. Konsa li p'ap detwi ou. Men, Jozyas te sòti pou goumen avè l. Li derefize koute mesay Neko te voye ba li a, mesay ki te sòti nan bouch Bondye menm. Se konsa, li degize kò l, l'al goumen avè l nan plenn Megido a. Pandan batay la, sòlda ak banza yo tire sou wa Jozyas. Jozyas di moun ki te avè l yo: — M blese anpil. Mennen m ale. Moun li yo wete l nan cha lagè li a, yo mete l nan yon lòt cha li te gen la, epi yo mennen l lavil Jerizalèm. Se la li mouri. Yo antere l nan kavo zansèt li yo. Tout moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm te pran gwo lapenn pou Jozyas. Pwofèt Jeremi te fè yon chante pou plenn sò wa Jozyas. Depi lè sa a, se yon koutim nan peyi Izrayèl: chak fwa fi yo ak gason yo ap chante nan yon lanmò, yo chonje Jozyas. Yo mete tout chante lanmò sa yo ansanm nan yon liv. Tou sa Jozyas te fè, jan li sèvi Senyè a ak tout kè li, jan li te mache dapre sa ki ekri nan Lalwa Senyè a, wi, tout istwa Jozyas la nèt, depi premye jou li te moute wa rive jouk dènye jou a, n'a jwenn tou sa ekri nan Liv Istwa Wa peyi Jida ak wa peyi Izrayèl yo.
Li 2 Kwonik 35
Koute 2 Kwonik 35
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 2 Kwonik 35:20-27
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo