Wa Jozyas fete fèt Delivrans lan pou Senyè a. Nan katòzyèm jou premye mwa a, yo touye ti mouton pou fèt la. Li bay chak prèt travay pou yo fè nan Tanp lan ankò, li ankouraje yo pou yo fè l byen. Lèfini, li pale ak moun Levi yo ki te reskonsab moutre pèp Izrayèl la sa pou l fè epi ki t'ap viv apa nèt pou Senyè a. Li di yo konsa:
— Mete Bwat Kontra Bondye a nan Tanp Salomon, pitit David, wa pèp Izrayèl la, te bati a. Nou pa bezwen ap pote l sou zepòl nou ankò. Kounyeya se sèvi nou pral sèvi Senyè a, Bondye nou ak Bondye pèp Izrayèl ki pou li a. Pran plas nou nan Tanp lan, chak fanmi apa, dapre reskonsabilite nou jan David, wa pèp Izrayèl la, ak Salomon, pitit li, te ekri l la. N'a rete kote yo mete apa nèt pou Senyè a. N'a ranje nou yon jan pou gen yon gwoup moun Levi pou ede chak branch fanmi pèp Izrayèl la. Se nou ki pou touye ti mouton yo ak kabrit yo pou fèt Delivrans lan. Ale mete nou nan kondisyon pou fè sèvis Senyè a. Pare tou sa nou bezwen pou touye bèt yo pou moun pèp Izrayèl yo, frè nou yo, ka fè seremoni an jan Senyè a te bay Moyiz lòd la pou nou.
Apre sa, Jozyas pran trantmil (30.000) ti mouton ak ti kabrit ansanm ak twamil (3.000) bèf nan bèt pa l, li bay moun pèp Izrayèl ki te la yo pou fè fèt Delivrans lan. Chèf li yo te bay pa yo tou pou pèp la, pou prèt yo ak moun Levi yo. Ilkija, Zakari ak Jeiyèl, ki te reskonsab Tanp Senyè a, bay demil sisan (2.600) ti mouton ak ti kabrit ansanm ak twasan (300) bèf pou yo touye pou fèt la. Konanya ak de frè li yo, Chemaja ak Netanèl, ansanm ak Achabya, Jeiyèl ak Jozaba, chèf moun Levi yo, bò pa yo te bay senkmil (5.000) ti mouton ak ti kabrit ak senksan (500) bèf pou moun Levi yo te ofri pou fèt Delivrans lan.
Lè tout bagay te pare pou fèt la, prèt yo pran plas yo, moun Levi yo fè gwoup apa jan wa a te ba yo lòd la. Lè yo fin touye ti mouton yo, moun Levi yo bay prèt yo san an pou yo vide sou lotèl la. Moun Levi yo menm kòche tout bèt yo. Apre sa, yo wete pati ki pou boule nèt pou Senyè a, yo bay chak fanmi pòsyon pa yo pou y'al ofri bay Senyè a, jan sa ekri nan Liv Moyiz la. Yo fè menm bagay la pou bèf yo. Lèfini, moun Levi yo griye ti mouton Delivrans lan sou dife, jan yo te konn fè l la. Yo bouyi lòt vyann yo te mete apa pou Bondye yo nan chòdyè, nan mamit ak nan kaswòl. Lèfini, yo prese separe vyann lan bay tout pèp la. Lè yo fin fè sa, moun Levi yo pare sa ki rete pou yo menm ansanm ak prèt yo, paske prèt yo, moun fanmi Arawon yo, te rete byen ta jouk aswè ap boule bèt moun yo te ofri nèt pou Senyè a ansanm ak grès lòt bèt yo. Se poutèt sa, se moun Levi yo ki te pare vyann ni pou tèt yo ni pou prèt yo, moun fanmi Arawon yo.
Sanba yo menm, moun fanmi Asaf yo, te nan plas yo dapre lòd David, Asaf, Eyman ak Jedoutoun, pwofèt wa a, te bay. Gad pòtay Tanp yo te nan plas yo tou. Yo yonn pa kite pòs yo, paske moun Levi parèy yo t'ap pare pòsyon vyann pa yo pou yo tou.
Se konsa jou sa a yo te òganize tout sèvis Senyè a pou fete fèt Delivrans lan, pou boule vyann bèt yo nèt sou lotèl la pou Bondye, jan wa Jozyas te bay lòd la. Pandan sèt jou, tout moun pèp Izrayèl ki te la yo t'ap fete fèt Delivrans lan ak fèt Pen san ledven yo. Depi sou tan pwofèt Samyèl, yo pat janm fete fèt Delivrans lan konsa. Pa gen yonn nan ansyen wa pèp Izrayèl yo ki te fete fèt Delivrans lan tankou Jozyas te fè l lè sa a ansanm ak prèt yo, moun Levi yo ak tout pèp peyi Jida a, moun peyi Izrayèl ki te la yo ansanm ak moun lavil Jerizalèm yo. Jozyas te gen dizwitan depi li te wa lè yo te fete fèt Delivrans sa a.