Lè sa a, wa Jozyas t'ap mache sou dizwitan depi li t'ap gouvènen, li t'ap mete peyi a ansanm ak Tanp lan nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye. Wa a rele twa moun: Chafan, pitit gason Asalya a, Maseya, gouvènè lavil la, ak Joa, pitit gason Joakaz, sekretè wa a. Li ba yo lòd al repare Tanp Senyè a, Bondye li a. Mesye yo al jwenn Ilkija, granprèt la. Yo pote ba li tout lajan yo te ranmase nan Tanp lan, lajan moun Levi ki desèvis nan papòt Tanp lan te ranmase nan men moun Efrayim, moun Manase ak lòt moun peyi Izrayèl yo, ansanm ak sa yo te ranmase nan men moun Jida, moun Benjamen ak moun lavil Jerizalèm yo. Yo renmèt lajan an nan men mesye ki te reskonsab travay ki pou fèt nan Tanp lan, pou yo menm yo ka peye moun k'ap travay repare Tanp lan, ki vle di, bòs chapant yo ak bòs mason yo, pou yo ka achte wòch taye ak bwa yo bezwen pou sèvi sipò ak ranfò chapant Tanp wa Jida yo te kite ap tonbe a.
Mesye yo te serye nan travay yo. Te gen kat moun Levi ki t'ap dirije yo. Se te: Joak ak Obadya, moun nan branch fanmi Merari a, Zekaraja ak Mechoulam, moun nan branch fanmi Keyat. Moun Levi ki te konn fè mizik sou enstriman yo te reskonsab moun ki t'ap bwote materyo yo ak tout lòt ouvriye ki t'ap fè lòt travay yo. Te gen lòt moun Levi ki te reskonsab ekri istwa tou sa k'ap pase. Genyen ki te sekretè, genyen ki t'ap fè pòs nan papòt yo.
Pandan yo t'ap wete lajan yo te mete nan Tanp Senyè a, Ilkija, prèt la, jwenn liv Lalwa Senyè a te bay Moyiz pou pèp la. Ilkija pale ak Chafan, sekretè a, li di l li jwenn liv Lalwa a nan Tanp Senyè a. Epi li ba li l. Chafan pote liv la bay wa a, epi li fè rapò li, li di l konsa:
— Nou fè tou sa ou te ban nou lòd fè. Yo pran tout lajan ki te nan Tanp Senyè a, yo renmèt li nan men moun ki reskonsab fè reparasyon nan Tanp lan ak moun k'ap fè travay yo.
Lèfini, Chafan di wa a:
— Ilkija, prèt la, te ban m yon liv.
Chafan li liv la pou wa a. Lè wa a tande pawòl ki te ekri nan Liv la, li chire rad sou li tèlman li te sezi. Lèfini, li fè rele Ilkija, prèt la, Akikam, pitit gason Chafan an, Abdon, pitit Mikaja a, Chafan, sekretè a, ak Asaja, nèg konfyans wa a. Li ba yo lòd sa a:
— Ale chache konnen sa Senyè a vle nou fè, mwen menm ansanm ak tout rès pèp li a ki rete nan peyi Jida ak nan peyi Izrayèl la. Chache konnen sa pou n fè ak pawòl ki nan liv nou jwenn lan. Senyè a move anpil sou nou, paske zansèt nou yo pat koute pawòl Senyè a, ni yo pat fè tou sa ki ekri nan liv la.
Se konsa, Ilkija ansanm ak lòt mesye wa a te chwazi yo al kay Oulda, yon pwofèt fanm ki te rete nan katye yo te fenk bati lavil Jerizalèm lan. Oulda sa a te madanm yon nonm yo te rele Chaloum, pitit Tokeyat, pitit pitit Asra a, ki te reskonsab rad yo sèvi nan Tanp lan. Yo esplike Oulda tou sa ki rive. Oulda di yo konsa:
— Men sa Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Tounen al di moun ki voye nou bò kote m lan men mesay Senyè a voye ba li: Mwen pral voye yon malè sou lavil Jerizalèm ansanm ak sou tout moun li yo, jan sa ekri nan liv yo li pou wa peyi Jida a. Moun Jerizalèm vire do ban mwen. Yo fè sèvis pou lòt bondye. Avèk tout zak sa yo, mwen move anpil sou Jerizalèm. Kòlè mwen poko ap pase. Men sa n'a di wa peyi Jida a ki voye nou vin konnen volonte Bondye a. Wi, men sa Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye di l: Ou tande sa ki ekri nan liv la. Sa fè kè ou fè ou mal, ou desann ou devan mwen lè ou tande deklarasyon mwen fè sou lavil sa a ak sou tout moun li yo. Wi, lè ou tande sa, ou chire rad sou ou, dlo koule nan je ou. Se poutèt sa mwen menm tou mwen tande ou. Se mwen menm, Senyè a, k'ap di ou sa. Ou menm, w'ap mouri nan kabann ou, y'ap antere ou nan menm kavo ak zansèt ou yo. Ou p'ap gentan wè malè m'ap voye sou lavil Jerizalèm ak sou moun ki rete ladan l yo.
Mesye yo tounen rapòte mesay la bay wa Jozyas.
Lè sa a, wa a voye misyon bay tout chèf fanmi nan lavil Jerizalèm ak nan tout peyi Jida a, pou yo reyini ansanm avè l. Apre sa, wa a moute nan Tanp Senyè a ak prèt yo, moun Levi yo, tout moun peyi Jida yo, moun ki rete Jerizalèm yo, ak tout rès pèp la, grannèg kou malere. Wa a kanpe devan yo tout. Li li byen fò tout sa ki nan liv Kontra yo te jwenn nan Tanp Senyè a. Lè li fini, li rete kanpe nan plas rezève pou li bò gwo poto a, li pran angajman devan Senyè a pou li fè volonte Senyè a, pou li mache dapre kòmandman, prensip ak lalwa Bondye yo ak tout kè li ak tout nanm li, lèfini pou l kenbe tout kondisyon kontra ki ekri nan liv la. Apre sa, wa a fè tout moun ki te lavil Jerizalèm ansanm ak moun branch fanmi Benjamen yo pran menm angajman an tou. Depi lè sa a, moun lavil Jerizalèm yo mache dapre kontra yo te pase ak Bondye zansèt yo a. Jozyas fè disparèt tout vye zidòl sal nan peyi ki te pou moun Izrayèl yo. Li mete tout moun ki te rete nan peyi Izrayèl yo nan obligasyon pou yo sèvi Senyè Bondye yo a. Se konsa, pandan tout tan Jozyas vivan, tout pèp la te kenbe pye Bondye zansèt yo a fèm.