Se konsa, yon pakèt moun sanble lavil Jerizalèm nan dezyèm mwa a, pou yo fete fèt Pen san ledven yo. Yo pran tout lòt lotèl kote yo te konn boule bèt yo ofri yo ak lotèl kote yo boule lansan ki te lavil Jerizalèm yo, y'al voye yo jete nan Fon Sedwon an. Nan katòzyèm jou dezyèm mwa a, yo touye ti mouton Delivrans yo. Prèt yo ak moun Levi ki pat nan kondisyon pou fè sèvis pou Senyè a vin wont tèt yo, yo fè sa pou yo fè pou yo ka nan kondisyon pou sèvis Senyè a, lèfini yo antre nan Tanp lan al boule bèt yo ofri nèt pou Senyè a. Y'al pran plas yo nan Tanp lan dapre regleman ki nan lalwa Moyiz, sèvitè Bondye a. Moun Levi yo bay prèt yo san bèt yo pou yo vide sou lotèl la. Te gen anpil moun ki pat mete tèt yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a. Kifè yo pat kapab touye ti mouton Delivrans pa yo. Konsa, se moun Levi yo ki te fè l pou yo, lèfini ki te mete yo apa nèt pou Senyè a. Paske pifò moun ki te sòti nan branch fanmi Efrayim, nan branch fanmi Manase, nan branch fanmi Isaka ak nan branch fanmi Zabilon yo pat fè sèvis pou mete tèt yo nan kondisyon pou sèvi Bondye. Yo te manje manje Delivrans lan yon jan ki pa konfòm ak sa ki ekri nan liv lalwa a. Men, Ezekyas lapriyè Bondye pou yo, li di: — O Senyè, Bondye zansèt nou yo, pou jan ou gen bon kè, tanpri padonnen tout moun sa yo ki sòti pou sèvi ou ak tout kè yo, menm si yo pa nan kondisyon pou sèvi ou, pou yo manyen sa yo mete apa pou ou yo.
Li 2 Kwonik 30
Koute 2 Kwonik 30
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 2 Kwonik 30:13-19
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo