Men Tiglat-Pilesè, wa peyi Lasiri a, vin atake wa Akaz pito. Pase pou l ede l, li kraze l pi mal. Se konsa, Akaz pran dènye bagay ki gen valè nan kay Senyè a, nan palè wa a ak lakay chèf yo, li fè wa peyi Lasiri a kado. Men, sa pat sèvi l anyen. Pandan tout tan yo t'ap kraze l konsa a, nonm yo bay pou wa Akaz la t'ap donnen pi mal nan pa sèvi Senyè a. Li t'ap ofri bèt pou yo touye pou bondye moun lavil Damas yo ki te bat li. Li t'ap di nan kè l: Bondye wa peyi Siri yo te ede yo. Si mwen fè sèvis pou yo, y'a ede m tou. Men se sèvis bondye sa yo menm ki lakòz malè rive ni li ni pèp Izrayèl la. Akaz pran tout veso ki te nan Tanp Bondye a, li kraze yo an miyèt moso. Li kondannen pòt Tanp Senyè a. Li fè fè lòt lotèl pou lòt bondye yo toupatou nan lavil Jerizalèm. Li bati tanp nan tout lavil ak ti bouk nan peyi Jida pou boule lansan pou lòt bondye yo. Se konsa li fè Senyè a, Bondye zansèt li yo, fache anpil sou li. Tout rès istwa Akaz la ak tou sa li te fè depi premye jou li te moute wa a rive jouk dènye jou a, n'a jwenn tou sa ekri nan Liv Istwa wa peyi Jida ak wa peyi Izrayèl yo.
Li 2 Kwonik 28
Koute 2 Kwonik 28
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 2 Kwonik 28:20-26
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo