Lè Atali, manman Okozyas, vin konnen yo te touye pitit li a, li bay lòd pou yo touye tout rès fanmi wa peyi Jida yo. Men, lè yo t'ap touye pitit wa yo, Jozabèt, pitit fi wa Joram lan, pran Joas, pitit gason Okozyas la, li sere l. Li kache l ansanm ak moun ki te sèvi l nouris la nan yon chanm kote moun dòmi nan Tanp lan. Se konsa, Jozabèt, pitit fi wa Joram lan, sè menm papa ak Okozyas, epi ki te madanm Jeojada, prèt la, te sere Joas san Atali pa konn sa, kifè li pat mouri tou. Pandan sizan Joas te rete kache nan Tanp lan ansanm ak moun ki te sèvi l nouris la. Atali menm t'ap gouvènen peyi a.
Li 2 Kwonik 22
Koute 2 Kwonik 22
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 2 Kwonik 22:10-12
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo